Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè

alert - warning

Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.

Repons pou Kesyon Moun Poze Souvan yo

Non. Deklarasyon alekri a dwe siyen pa otorite sètifikasyon ki endike sou sètifika lanmò, oswa egzaminatè medikal oswa doktè lejis nan jiridiksyon kote moun nan mouri.

Graphic
a blue dollar bill and gray coins

FEMA otorize pou bay Asistans Fineray COVID-19 dirèkteman bay yon aplikan ki elijib. Se responsablite aplikan a pou regle dèt la avèk mezon finèb la.

FEMA pa pral bay fon Asistans Fineray pou COVID-19 pou eta, tribi, biznis, òganizasyon, ak lòt antite yo.  Sosyete finerè a ta bezwen pou l bay yon bòdwo detaye.  Manm sosyete a ta kidonk soumèt bòdwo a nan FEMA nan kad aplikasyon yo pou Asistans Fineray COVID-19.

Non. Revni w pa afekte elijiblite w, byenke yo pral mande w pou bay revni anyèl brit kay ou lè wap aplike pou Asistans Fineray COVID-19. FEMA kolekte enfòmasyon sa a pou rezon demografik sèlman.

Nou ankouraje w pou bay dokimantasyon pou verifye si lanmò a te atribye avèk COVID-19, ansanm avèk prèv lòt asistans fineray yo te resevwa, opli vit ke posib. Depi FEMA fin resevwa tout dokiman ou yo, nou pral verifye ak valide l nan kad pwosesis revizyon aplikasyon an.

Nenpòt sous peman ki fèt spesifikman pou yon fineray anvan lanmò a konsidere  kòm yon repwodiksyon e li pa elijib pou ranbousman. Sa a gen ladan asirans fineray oswa antèman, yon kontra fineray ki planifye oswa peye alavans, yon fidisi ki peye alavans pou depans fineray, oswa yon fidisi irevokab pou Medicaid.

Men, si ou te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 nan oswa apre 20 Janvye  2020, depase finansman ki destine pou peye pou depans sa yo,  FEMA ka evalye resi ou yo ansanm avèk lòt dokimantasyon pou depans elijib yo ki pa kouvri pa finansman sa yo pou asire ke benefis yo pa double.  Pa egzanp, si ou fè depans pou yon fineray $10,000, kote asirans fineray oswa antèman te kouvri sèlman $8,000, ou ka elijib pou Asistans Fineray COVID-19 pou $2,000.

FEMA pa pral apwouve asistans finansye pou frè tyès pati chaje pou ede moun yo avèk pwosesis aplikasyon Asistans Fineray COVID-19.

Detèminasyon elijiblite FEMA jeneralman fèt nan mwens pase 30 jou apati lè yo resevwa ak verifye tout dokiman obligatwa yo.  Depi yo fin fè detèminasyon elijiblite, aplikan yo ki mande depo dirèk ka resevwa lajan an nan kèlke jou.  Li ka pran plis tan si aplikan an te chwazi pou resevwa Asistans Fineray pou COVID-19 pa chèk, ke yo voye pa lapòs.

Pandemi COVID-19 te pote chagren akablan pou anpil moun.  Si ou bezwen èd oswa sipò tanpri:

  • Rele oswa tèks Liy èd Detrès Katastwòf la  nan 800-985-5990 pou jwenn èd imedyat ak sipò.
  • Vizite sit entènèt Sant Asistans Fanmi Vityèl Kwawouj Ameriken, oswa rele 833-492-0094, pou w jwenn konfò, sipò, enfòmasyon, ak resous  referans si ou te soufri yon pèt akoz COVID-19. Yo bay tout sipò vityèlman e li konplètman konfidansyèl.

Yo dwe endike separeman chak depans nan yon pake sèvis fineray (sètadi., detaye). Dokimantasyon an dwe gen ladan tou:

  • Non moun ki reponsab pou depans lan;
  • Non moun ki mouri a;
  • Kantite total depans antèman; ak
  • Dat yo te fè depans fineray la.
Dènye mizajou