Anpil mezon finèb ofri pake sèvis fineray. Èske sèvis yo dwe detaye sou yon bòdwo fineray, oswa yo endike kòm yon pake pou resevwa Asistans Fineray COVID-19?

Yo dwe endike separeman chak depans nan yon pake sèvis fineray (sètadi., detaye). Dokimantasyon an dwe gen ladan tou:

  • Non moun ki reponsab pou depans lan;
  • Non moun ki mouri a;
  • Kantite total depans antèman; ak
  • Dat yo te fè depans fineray la.
Dènye Mizajou