Asirans Inondasyon

Pwogram Nasyonal pou Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program) lan founi asirans pou ede diminye sou enpak sosyo-ekonomik inondasyon lakòz yo.
Illustration of a home in a flood with a health shield

Se Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ki jere Pwogram Nasyonal pou Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP) a epi se yon rezo ki gen apeprè 60 konpayi asirans ansanm avèk NFIP Direct ki founi l bay piblik la.

Inondasyon ka rive nenpòt ki kote — sèlman yon pous dlo inondasyon ka lakòz jiska $25,000 dega. Pifò konpayi ki asire pwopriyetè kay yo pa kouvri dega inondasyon lakòz. Asirans inondasyon an se yon polis asirans apa ki ka kouvri batisman, kontni ki nan batisman yo oswa toulède, kidonk li enpòtan pou pwoteje aktif finansyè w genyen ki pi enpòtan yo — kay ou, biznis ou, byen w yo.

NFIP bay pwopriyetè yo, lokatè ak biznis yo asirans inondasyon, epi poutèt yo gen pwoteksyon asirans sa a, sa ede yo reprann pi vit lè dlo inondasyon yo desann. NFIP ankouraje kominote yo tou pou yo adopte ak aplike yon seri règleman pou jesyon plenn inondasyon k ap ede diminye sou efè inondasyon yo..

Asirans inondasyon an disponib pou nenpòt moun k ap viv nan youn nan 23,000 kominote patisipan NFIP yo. Kay ak biznis ki sitiye nan zòn ki gen gwo risk pou inondasyon ki jwenn prè ipotekè nan men kreyansye ke gouvènman an sipòte yo oblije gen asirans inondasyon an.

alert - info

Pou jwenn plis enfòmasyon sou kisa yo kouvri ak pou jwenn yon polis asirans, vizite FloodSmart.gov.

Vin yon Kliyan

Kijan pou Achte Asirans Inondasyon

Pou achte asirans inondasyon, rele konpayi asirans ou a oswa ajan asirans ou a, ki se menm moun ki vann ou asirans pou kay oswa pou machin ou an. Si w bezwen èd sou kijan pou jwenn yon founisè ale sou FloodSmart.gov/find oswa rele NFIP nan 877-336-2627.

Planifye byen davans paske jeneralman gen yon peryòd datant 30 jou pou yon polis asirans NFIP antre ann aplikasyon, sof si asirans lan obligatwa, y ap achte l jan kreyansye ke gouvènman federal la sipòte a egzije l la oswa li gen rapò ak yon chanjman nan kat inondasyon kominote a.

FloodSmart.gov

External Link Arrow

Vin yon Vandè ak yon Founisè Sèvis

Travay Avèk NFIP a

FEMA administre NFIP a epi li se yon patenarya ki egziste ant gouvènman federal la, endistri pou asirans byen ak domaj, eta yo, otorite lokal yo, enstitisyon ki bay prè yo, ansanm ak moun ki posede byen yo.

Chak ane, apeprè 60 konpayi prive patisipan ki fè pati pwogram Write-Your-Own (WYO) lan ki vann e ki asire sèvis polis asirans NFIP yo pa lentèmedyè ajan asirans yo genyen yo. 

FEMA rete responsab pou souskripsyon asirans inondasyon yo vann nan kad pwogram sa a e gras ak NFIP Direct. Gen plis pase senk milyon asire nan tout peyi a epi NFIP se pi gwo pwogram asirans espesyalize (monoliy) nan peyi a ki founi prèske $1.3 trilyon dola nan zafè asirans kont inondasyon.

NFIP Direct

External Link Arrow

Resous Asirans Inondasyon

NFIP ofri yon pakèt piblikasyon, videyo, grafik ansanm ak zouti sou entènèt ki ede asire yo, ajan yo ak lòt founisè sèvis yo oryante yo nan pwosesis asirans lan avan, pandan ak apre dezas. Ou kapab telechaje resous dijital yo, epi gen kèk piblikasyon enprime ke w kapab kòmande gratis.

Jwenn yon Fòmilè pou Asirans

Piblikasyon sou Sansibilizasyon pou Asirans

Travay avèk NFIP

Nou bay rapò sou eta finansye Pwogram Nasyonal pou Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP) a epi nou bay konsèy sou kijan pou yo jere operasyon kotidyen yo pou vandè ak founisè sèvis aktyèl oswa ki nouvo yo. Jwenn enfòmasyon sou pwogram Write-Your-Own lan, re-asirans, Klasifikasyon Risk 2.0, ansanm ak Manyèl sou Asirans Inondasyon ansanm ak lòt zouti.

Gade Tout Pwogram ak Zouti yo

Konprann Refòm ak Lwa NFIP yo

Kongrè a te tabli NFIP nan dat 1ye out 1968, kote li adopte Lwa Nasyonal pou Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Act, NFIA) ane 1968 la, ke yo te modifye apre plizyè ane yo.

Jwenn enfòmasyon sou chanjman lejislatif yo ansanm ak avni Pwogram Nasyonal pou Asirans Inondasyon an.

Gade Règ ak Lejislasyon an

Kontak

Kesyon sou Polis Asirans yo

Rele ajan w lan.

Ka oswa Pwoblèm Konplèks

Rele ajan w lan oswa kontakte Biwo Defansè pou Asirans Inondasyon (Office of the Flood Insurance Advocate).

Kesyon sou NFIP

Kontakte Sant Apèl la.

Dènye mizajou