FEMA ka ede sipòte rekiperasyon w apre yon gwo katastwòf.
Pou asistans medikal: Rele 9-1-1
Kòmanse
FEMA Refòme Pwogram Asistans pou Katastwòf
Nan dat 22 mas 2024, FEMA te mete anplas mizajou enpòtan nan asistans pou katastwòf. Li sou mizajou yo.
Jwenn konsèy sou etap pou fè anvan w aplike pou asistans katastwòf, tankou pran foto epi fè yon lis domaj yo ak fè yon reklamasyon nan konpayi asirans ou.
Dekouvri etap pou fè apre w fin aplike pou asistans katastwòf tankou revize aplikasyon w lan, verifye idantite w ak pwopriyete kay ou, fè yon enspeksyon kay epi soumèt dokiman.
Aprann sou dokiman ki nesesè yo, fason pou soumèt yon apèl ak kisa pou fè apre w fin soumèt yon apèl si w pa dakò ak desizyon FEMA a.
Chemen pou Rekiperasyon
Menmsi chemen pou rekiperasyon pa menm pou tout moun ki siviv yon katastwòf, zouti entèraktif sa a ap gide w nan pwosesis ak egzijans nòmal pou swiv ki ka ede w jwenn sipò ou bezwen apre w fin fè eksperyans yon katastwòf.
Kòmanse sou Chemen pou Rekiperasyon
Konprann Kalite Asistans
Eksplore Pwogram Patikilye ak Fanmi (Individuals and Households Program, IHP) founi asistans finansyè ak sèvis dirèk bay patikilye ak fanmi ki kalifye ki afekte pa yon katastwòf, ki pa genyen asirans oswa ki pa genyen ase asirans pou depans ki nesesè ak bezwen grav yo.
Aprann sou plizyè lòt pwogram FEMA ofri pou sipòte moun ki siviv katastwòf yo, tankou swen an mas, konsèy pou kriz, jesyon ka, sèvis legal, ak asistans pou chomaj.
Lòt Resous
Jwenn enfòmasyon sou règleman, gid, ak fèy enfòmasyon sou pwogram Asistans Endividyèl FEMA yo, ki gen ladan Gid sou Pwogram ak Politik Asistans Endividyèl FEMA a (Individual Assistance Program and Policy Guide, IAPPG). (Gen kèk resous ki disponib an anglè sèlman)
Li sou gwo chanjman nan pwogram Asistans Endividyèl (IA) nou yo pou adrese defi istorik moun ki siviv katastwòf yo ap konfwonte.