Moun yo ak Kominote yo

Moun yo ak kominote yo ka travay ansanm pou amelyore preparasyon ak reyaksyon fas ak dezas ak ka ijans yo. Angaje w nan kominote w la jodi a menm, pou ede devlope kapasite ak pou planifye pou enprevi yo.

Pou devlope yon kilti preparasyon, li enpòtan pou travay avèk tout kominote a, ikonpri:

  • Gouvènman federal la, eta a, gouvènman lokal, tribal ak teritoryal
  • Patnè non-gouvènmantal ki soti nan tout sektè
  • Gwoup kominotè ki nan katyeyo
  • Òganizasyon relijye
  • Lajenès, timoun, gadri
alert - info

Jwenn plis enfòmasyon sou kisa pou fè avan, pandan ak apre yon dezas lè w vizite Ready.gov.

Prepare w pou Dezas

Preparasyon Kominote Relijye

Aprann kijan pou prepare mezon adorasyon yo pou divès danje, pandan w ap asire pwoteksyon ak sekirite kongregasyon yo, anplwaye yo ansanm ak etablisman yo.

Planifikasyon pou Timoun ak Ijans

Jèn yo reprezante anviwon yon ka nan popilasyon Etazini an. Angaje jèn yo nan jesyon ijans se yon eleman esansyèl pou angaje tout kominote a.

alert - info

Aprann kijan pou angaje timoun yo nan preparasyon an avèk Ready Kids.

Ekip Entèvansyon Kominotè Dijans (Community Emergency Response Team, CERT)

Pwogram CERT a anseye volontè lokal yo kijan pou yo prepare danje dezas yo ki kapab gen enpak nan zòn kote y ap viv yo epi yo ba yo fòmasyon sou konpetans debaz sou entèvansyon dezas. Antre nan yon pwogram lokal CERT jodi a menm.

Rechèch pou Preparasyon

Jwenn dènye rezilta yo nan Ankèt Nasyonal pou Fwaye a (National Household Survey) epi jwenn enfòmasyon sou kalite rechèch sou preparasyon ki ede moun ak kominote yo prepare yo, pwoteje tèt yo ak reyaji fas ak dezas.

Fòmasyon ak Edikasyon

Dekouvri plizyè opòtinite diferan pou jwenn fòmasyon sou sijè entèvansyon ak preparasyon pou ijans, ansanm ak kijan pou prepare òganizasyon kominotè yo pou dezas ak kijan pou pran yon seri mezi senp e rapid pou sove lavi.

Dènye mizajou