Kat Jewografik pou Inondasyon

FEMA founi done sou risk ak danje inondasyon pou ede oryante mezi atenyasyon yo.
Illustration of a map in a flood

Katografi pou inondasyon an se yon pati enpòtan nan Pwogram Nasyonal pou Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP), paske li se baz règleman NFIP yo ansanm ak egzijans asirans inondasyon yo. Pwogram katografi pou inondasyon FEMA a rele Katografi , Evalyasyon, ak Planifikasyon Risk (Risk Mapping, Assessment, and Planning), oswa Risk MAP.

FEMA mentni ak mete done yo ajou atravè kat jewografik pou inondasyon yo ansanm ak evalyasyon risk yo.

alert - info

Enskri pou resevwa imèl pou rete okouran de dènye pwogrè ki fèt nan katografi pou inondasyon an.

Men Kijan pou Gade ak Jwenn Kat Jewografik pou Inondasyon yo

Sant Sèvis Kat Jewografik pou Inondasyon FEMA (FEMA Flood Map Service Center, MSC) se kote ofisyèl sou entènèt pou jwenn tout pwodui katografi sou danje inondasyon yo ke yo kreye nan kad pwogram NFIP a, ansanm ak kat jewografik pou inondasyon kominote w la.

Chanje Deziyasyon Zòn Inondasyon W Lan

Si w kwè ke yo te idantifye pwopriyete w la, pa erè, kòm yon Zòn Espesyal pou Danje Inondasyon, ou ka soumèt yon aplikasyon bay FEMA pou jwenn yon detèminasyon fòmèl ansanm ak yon revizyon potansyèl. Sa rele yon demann Lèt pou Chanjman Katografik (Letter of Map Change, LOMC).

Pwodui ak Zouti

Pwodui Katografik pou Inondasyon Règlemantè

Jwenn plis enfòmasyon sou pwodui katografik pou inondasyon règlemantè epi jwenn aksè ak kat inondasyon yo, Etid Asirans Inondasyon, ansanm ak baz done FIRM yo.

GIS ak Lòt Pwodui

Jere done yo avèk Done Preliminè sou Danje Inondasyon yo, Kouch Nasyonal sou Danje Inondasyon, ansanm ak Hazus.

Katografi, Evalyasyon ak Planifikasyon Risk (Risk MAP)

Pwodui sa yo founi yon analiz ki pi fasil pou konprann, sou risk inondasyon yo nan kad pwojè Risk MAP la.

Zouti pou Ede W Itilize Pwodui yo

Konsèy ak Patnè yo

Direktiv ak Nòm yo

Gade direktiv ak nòm Risk MAP yo pou analiz risk ak aktivite katografi pou inondasyon

Avi pou Kongrè a

FEMA founi yon rezime bay Kongrè a chak mwa ki bay detay sou aktivite katografi sou risk inondasyon yo.

Konsèy Konsiltatif

Fè lekti sou Konsèy Konsiltatif pou Katografi Teknik (Technical Mapping Advisory Council), ki se yon komite konsiltatif federal.

Patnè Teknik ki Kowopere yo

Patnè Teknik ki Kowopere (Cooperating Technical Partners) yo se kominote, ajans rejyonal, òganis leta, inivèsite ak nasyon tribal ki patisipe defason pi aktif nan pwogram katografi sou danje inondasyon FEMA a.

Jere Risk

Risk Inondasyon Dig

Pou n ede w konprann reyalite risk dig yo, FEMA founi yon seri zouti sansibilizasyon pou kominote a ansanm ak yon seri direktiv pou konstriksyon ki gen rapò ak risk dig la.

Risk Inondasyon Kotyè

Pou n ede kominote kotyè yo konprann ak diminye sou risk pou yo gen inondasyon yo, FEMA te lanse etid sou risk inondasyon kotyè pou 100 pousan nan popilasyon ki abite bò lanmè yo.

Konnen Risk ou Genyen an

Ti konsèy pou pwopriyetè kay, fonksyonè kominotè, enjenyè, pwofesyonèl asirans ansanm ak lòt gwoup konsène yo sou konpreyansyon risk.

Kontakte Nou

Pou jwenn plis enfòmasyon oswa asistans, kontakte yon Espesyalis nan Domèn Katografi nan FEMA Mapping and Insurance eXchange (FMIX).

Enskri pou resevwa imèl pou resevwa mizajou sou katografi sou danje inondasyon.

Dènye mizajou