Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

Kijan m ap fè konnen si zòn lakay mwen elijib pou jwen èd?

Deklarsyon ofisyèl katastwòf la tou eksplike
ki katye ki elijib pou èd gouvènman federal la? Pou ka konnen si zòn lakay ou elijib:

  1. Vizite DisasterAssistance.gov
  2. Antre non vil oswa kòd zip ou a nan bwat rechèch.
  3. Chache konte/katye nan "katye ki elijib".


FEMA ap aksepte demand èd pou katastwòd la 60 jou apre deklarasyon ofisyèl katastwòf la.

Ki enfòmasyon mwen bezwen genyen lè m ap aplike?

Pou aplike pou èd FEMA a, ou ap bezwen bay:

  • Nimewo Sekirite Sosyal
  • Enfòmasyon sou kouvèti asirans
  • Dega katastwòf la fè
  • Kantite Lajan Anvan Taks chak moun lakay ou touche pa ane
  • Enfòmasyon pou kontakte ou (adrès kourye, adrès kouryèl, nimewo telefòn, elt.)
  • Enfòmasyon pou depo dirèk nan kont ou (opsyonèl)

Èske FEMA gade kèk lòt enfòmasyon anvan yo deside bay èd tanporè pou lwaye a?

Wi. Si demand èd FEMA ou a montre kay ou a sibi gwo dega nan tanpèt la, yon enspektè FEMA ap kontakte ou pou evalye nivo dega yo. Depandamman de evalyasyon sa, FEMA ap deside si ou kalifye pou resevwa jiska de mwa èd pou lwaye.

Èske èd tanporè pou lwaye a disponib pou lokatè menm jan ak pwopriyetè?

Èd lajan an disponib pou pwopriyetè oswa lokatè pou lwe yon kote pou rete si ou pa ka viv lakay ou akoz katastwòf la, epi ou pa gen kouvèti asirans pou peye yon ebèjman tanporèman, Si pa gen okenn kay pou lwe ki disponib, en dènye rekou, yo ka sèvi ak yon ebèjman gouvènman an.

Èske mwen kapab resevwa yon èd tanporè pou lwaye si konpayi asirans mwen an banm avantaj sa a tou?

Non. FEMA pa kapab ba ou yon sibvansyon pou yon èd si ou deja resevwa l nan konpayi asirans ou, yon lòt ajans Leta, lòt sibvansyon pou katastwòf, oswa lòt avantaj ou resevwa nan mande èd.

Si asirans ou a anreta, FEMA kapab ba ou yon avans lajan men ou pral bezwen remèt lajan sa bay FEMA kou ou jwenn lajan asirans lan.

E si sa pran plis pase de mwa jou pou fini reparasyon kay la, epi mwen poko jwenn yon kote pou m rete pou yon tan ki pi long?

Si ou bezwen plis tan pou fini reparasyon kay la oswa pou ou jwenn yon kote pou ou rete, ou ka aplike pou èd pwolonje pou lwaye. Ou pral bezwen ranpli yon fòmilè FEMA ki rele Aplikasyon pou Èd Pwolonje pou Lwaye Tanporè epi bay tout fakti ak plan pou ebèjman definitif ki demontre aklè nesesite katastwòf la pwovoke.

Èd pwolonje pou lwaye kapab renouvle pa tranch twa mwa pou yon total maksimòm 18 mwa, si se nesesè.

Èske m elijib pou èd pou lwaye a si m te fè yon reklamasyon nan konpayi asirans lan epi m pa jwenn okenn repons?

Wi. Si ou ka bay prèv règleman asirans la anreta 30 jou oswa plis depi soti nan dat ou te fè reklamasyon an, ou ka elijib pou yon sibvansyon inisyal èd lwaye.

Mwen se yon lokatè. Kòman mwen kapab gen aksè ak èd pou lwaye a?

Lokatè yo ka aplike pou èd pou katastwòf nan FEMA. Men si ou gen asirans lwaye, kontakte founisè asirans ou a anvan pou depoze yon reklamasyon. Lè ou aplike pou èd FEMA, y ap mande w pou bay yon paj deklarasyon asirans ak yon lèt règleman oswa refi.

Nan ki kalite kay m ap kapab al abite?

Si ou kalifye pou èd tanporè pou lwaye a, FEMA ap refere ou bay yon lis pwopriyete tankou kay, apatman, otèl oswa motèl ki disponib pou lwe.

Èske lè yon moun jwenn èd nan FEMA fòk li ranbouse l?

Non. Èd yo se pa prè labank, kidonk moun pa bezwen ranbouse yo. Se pa lajan gouvènman takse, epi yo pa anpeche moun jwenn Èd Sosyal, Medicare, Medicaid oswa avantaj Pwogram Adisyonèl Èd Alimantè (SNAP).

Dènye mizajou October 7, 2022