Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.
Repons Kesyon moun abitye poze
Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle
Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.
Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle
Depatman ameriken pou ebèjman ak Devlopman Katye bay kèk konsèy sou dwa lokatè yo. Plis sipò kapab disponib si ou rele gratis èd jiridik la nan (800) 310-7029.
Legalman, FEMA pa gen dwa bay menm avantaj asirans deja bay. Polis asirans kapab deja kouvri Depans Adisyonèl pou Sibsistans oswa Depans anplis pou Ebèjman, ki se yon kouvèti ki bay lajan anplis pou peye ogmantasyon depans chak jou, tankou peye ebèjman tanporè, paske ou toujou pa kapab al viv lakay ou aprè konpayi asirans fin peye domaj li kouvri yo.
FEMA kapab bay Ranbousman Depans Ebèjman (LER ann anglè) sèlman si yon moun ki aplike pat jwenn èd pou ebèjman nan men okenn lòt òganizasyon (egzanp òganization benevòl) pou menm pedryòd li mande LER la.
Moun ki aplike ka voye kopi fakti ebèjman yo anliy sou kont Disasterassistance.gov yo. Nimewo dosye ak DR-4611-LA a dwe parèt sou tout dokiman yo. Telechaje instriksyon sou kijan pou voye dokiman ou yo. Enfòmasyon sa disponib nan plizyè lang.
Viktim katastwòf kapab voye demand yo pa lapòs nan: P. O. Box 10055 Attn: FEMA Hyattsville, MD 20782-8055
osinon Fax 1-800-827-8112 (Paj kouvèti obligatwa)
Si ou te relokalize oswa deplase ann ijans, epi ou pa konn si kay ou sibi gwo dega, eskplike FEMA nan ki sitiyasyon ak pi bon fason pou yo kontakte ou. Pou kontakte FEMA rele nan 800-621-3362 Si ou itilize yon sèvis ki releye videyo, oswa yon sèvis telefòn ak soutit, oswa lòt sèvis kominikasyon, silvouplè bay FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.
FEMA bay èd lajan pou aplikan elijib ki pa gen asirans oswa asirans yo limite, men èd sa yo bay sèlman apre asirans moun deja peye relamasyon yo. Èd pou katastwòf la ka gen èd lajan pou ebèjman tanporè ak reparasyon kay, prè ak to enterè ki byen ba pou peye dega nan kay la ki pa t asire ansanm ak lò pwogram pou ede moun ak pwopriyetè bisnis rekanpe djanm apre dega katastwòf la fè sou yo. FEMA pa kapab bay menm avantaj asirans deja bay oswa peye franchiz asirans la pou ou.
Wi. Ou ap bezwen bay sa yo:
Non. Men, yo ka peye pou kalite depans pou bèt domestik ki fòme pou sèvis sa yo:
*Yo ap mande dokimantasyon adisyonèl tankou deklarasyon ekri nan men kandida a oswa dezyèm candida a ak nan men doktè pou yo ka verifye pèt oswa blesi bèt domestik drese pou sèvis la.
FEMA ka bay asistans pou dekontamisyon pui dlo. Ou ka kontakte ministè lasante lokal ou oswa resevwa prèv kontaminsayon an epi soumèt li bay FEMA pou konsiderasyon pou asistans finansyè.
Wi! Avan ou retire bagay ki andomaje akoz inondasyon yo nan kay ou, men sa pou w fè: