Kijan pou Peye FEMA

Mèsi dèske w ap fè yon peman pou FEMA. Tanpri, byen li relve faktirasyon w nan epi chwazi bon opsyon an. Pa chwazi yon opsyon peman konsa konsa — nou vle asire ou resevwa kredi pou kòb ou peye nou an.

Tanpri, asire ou idantifye bon tip peman an nan lis ki anba la a.m the list below.

Ki Kalite Peman W Ap Fè?

M ap fè yon peman pou yon prim asirans inondasyon

Mwen se yon moun k ap peye yon asistans ki gen rapò ak dezas, deplasman oswa lojman tanporè

Mwen se yon benefisyè, gouvènman eta, lokal, tribal oswa teritoryal k ap fè yon peman

Retounen Chèk Trezò Orijinal

alert - info

Pou kesyon jeneral yo, voye yon imèl ba nou sou FEMA-Finance-AccountsReceivable-Deposits@fema.dhs.gov

Oswa rele 1-866-804-2469

Avi pou Kliyan K ap Fè Peman avèk Chèk

Lwa sou Konpansasyon Chèk pou 21yèm Syèk la (Check 21) otorize bank yo trete chèk yo yon fason elektwonik, kidonk yon fason pi rapid epi pi efikas.

Note silvouplè:

  • Bank la ap fè yon kopi legal chèk orijinal ou a, detwi chèk orijinal la epi chèk orijinal la pap retounen ba ou.
  • Bank la ap itilize kopi a pou l debite kont ou yon fason elektwonik (EFT) jeneralman nan 24 èdtan epi debi a ap parèt sou eta kont regilye w.
  • Bank la ap fè jiska de tantativ EFT nan ka kont ou pa gen ase kòb, apresa l ap retounen nan bank ou a. Bank ou a ka chaje w yon frè retou, ki varye selon bank la.

Nou bay avi sa a nan respè Règleman Depatman ameriken sou Trezò nan 31 CFR 210, Apenndis C.

Dènye mizajou