Fè Biznis ak FEMA

When FEMA responds to a disaster, our goal is to contract with local businesses in the affected area, whenever practical and feasible.
Illustration of a hand signing a document

Lè FEMA fè entèvansyon nan moman yon katastwòf, objektif pa nou se siyen kontra ak biznis lokal ki nan zòn ki sibi enpak yo, nenpòt lè sa kapab fèt epi li pratik.

Aprann plis sou pwosesis 4 etap konpayi nou oswa òganizasyon nou kapab suiv pou fè biznis ak FEMA, nan konfòmite ak Robert T. Stafford Actla.

alert - info

Pote Sipò nan kad Siklòn Ian

Kontakte Industry Liaison Program FEMA a (lyen an ann Anglè) pou jwenn enfòmasyon sou kijan pou fè biznis ak (siyen kontra) ak ajans.

Eksplore careers (karyè) FEMA yo (lyen an ann Anglè) ak ways to help (fason pou ede nan) wè ki opòtinite ki disponib kounye a.

1. Pale ak Sant Asistans Teknik Asosyasyon Lokal pou Apwovizyònman (Association of Procurement Technical Assistance Center, APTAC) ou a

Siyen kontra ak gouvènman an kapab se yon bagay konplike, espesyalman pou ti biznis ki ap patisipe pou premye fwa yo. Erezman, gen biwo ki pare pou ede ou:  Procurement Technical Assistance Centers (PTACs) (lyen an ann Anglè). Genyen konseye pou Sant Asistans Teknik pou Mache Piblik (PTAC) nan plis pase 300 kote ki ap travay ansanm avè w pou konprann etap ki ap pèmèt nou jwenn kontra ak gouvèneman an.

 Association of Procurement Technical Assistance Center (APTAC) (lyen an ann Anglè) bay bon jan direktiv ak konsèy sou biznis pou enskri nan SAM.gov.

2. Enskri nan System for Award Management (Sistèm Jesyon Sibvansyon yo) oswa SAM

Yon fwa konseye PTAC an fin eksplike w pwosesis la pou w byen konprann, ou dwe enskri pou w kapab fè biznis ak gouvènman federal la atravè System for Award Management (SAM) la (lyen an ann Anglè). Enskripsyon an gratis.

Nou pral bezwen yon Unique Entity ID (UEI) (lyen an ann Anglè) ak Nimewo Idantifikasyon Taks ou an (n ap kapab fè demann lan sou www.irs.gov) si biznis prensipal nou Ozetazini oswa nan yon Tertwa Ameriken. Idantifikasyon Antite Inik (Unique Entity ID) la se yon idantifikasyon ki gen 12 karaktè alfanimerik SAM.gov asiyen ak yon antite. Tanpri sonje li ranplase Nimewo Dun and Badstreet "DUNS" la yo te konn itilize anvan sa a pou nouvo enskripsyon nan SAM.gov (lyen an ann Anglè).

Pandan pwosesis enskripsyon an, ou dwe fè konnen ou vle patisipe nan Disaster Response Registry (lyen an ann Anglè). Sa pèmèt ajan kontraktyèl yo lokalize konpayi w la gras ak Zouti Rechèch Rejis nan kad Entèvansyon pou Katatstwòf la (Disaster Response Registry Search).

Konprann Misyon ak Objektif FEMA

FEMA’s mission (lyen an ann Anglè) se ede moun yo anvan, pandan epi apre katastwòf yo. Sa se premye bagay tout moun ki ap travay nan oswa ansanm ak FEMA sou teren an bay priyorite. Yon fwa gen yon deklarasyon prezidansyèl sou yon katastwòf ki grav oswa yon sitiyasyon ijans, FEMA kowòdone epi kolabore ansanm ak ajans federal, eta, lokal ak tribi yo pou fè sivivan yo jwenn asistans.

Si konpayi ou an ofri byen oswa sèvis ki itil nan moman sitiyasyon yo dekri pi ba yo, ale nan etap de (2) a.

  • Kapab gen Emergency Support Functions (ESFs) (lyen an ann Anglè) ki aktive sou baz chwa pou ni sitiyasyon ki gen pou wè ni sa ki pa gen pou wè ak Stafford Act yo. Yo asiyen resous ki kowòdone gras ak Fonksyon Sipò nan moman Ijans yo (Emergency Support Functions, ESFs) nan zòn ki fè pati estrikti entèvansyon an. Kèlkeswa kote yo ta asiyen ESF yo, yo ap kowòdone ansanm youn ak lòt pou rive akonpli misyon yo.
  • Mission Assignments (lyen an ann Anglè): Ajans federal yo akpab bay asistans nan kad katastwòf sou baz otorite yo genyen oswa atravè asisyasyon misyon FEMA bay yo, dapre otorizasyon Stafford Act (lyen an ann Anglè). 
    • Nan lyen ki pi wo yo, FEMA kominike asiyasyon misyon nan kad prevansyon, oswa pou reponn ak, yon deklarasyon Prezidansyèl sou yon ijans oswa yon katastwòf ki grav. Asisyasyon misyon yo pèmèt gen lansman, anplwa ak asistans atravè tout resous federal yo pou bay sipò nan moman gen bezwen apre katastwòf yo.
  • State Emergency Management Agencies (Ajans Jesyon Ijans Eta yo) (lyen an ann Anglè): Pandan moman ijans yo, chak eta kowòdone aktivasyon ak itilizasyon resous ki nesesè pou sipòte gouvènman lokal yo pou fè entèvansyon ak pote sekou nan moman ijans ak katastwòf yo.
  • National Response Framework (Kad Entèvasyon Nasyonal yo) bay direktiv sou kijan nasyon an reponn ak tout kalite katastwòf ak ijans.

Pwodui Debaz Yo Founi nan moman Katastwòf

Anvan nou kòmanse pwosesis pou siyen yon kontra ak FEMA apre yon katastwòf nan yon zòn, verifye lis nou gen sou atik moun plis bezwen yo pou jwenn zòn ou kapab fè pi gwo enpak la. Pou jwenn plis enfòmasyon, voye yon imèl bay FEMA Industry Liaison Program (lyen an ann Anglè) epi ekri "CUSI Information Request" (Demann Enfòmasyon pou CUSI) nan liy sijè a. Yon reprezantan pwogram lan pral reponn ou si gen yon rezon pou fè afè.

  • Pwodui pou Tibebe/Timoun Piti
  • Kit Ekipman Medikal Dirab
  • Kit Founiti Medikal ki Konsomab
  • Prela Plastik
  • Prela
  • Dra Kouvèti
  • Kit Konfò/Ijyèn
  • Dlo
  • Manje
  • Lokasyon Charyo pou Leve Chay ki gen Fouch
  • Ti Bis pou Pote Chay
  • Sèvis Gad Sekirite
  • Dèlko
  • Ti Bèso
  • Kit Biwo Lokal Konjwen
  • Lokasyon Aparèy Fotokopi
  • Lokasyon Dèlko
  • Founiti Biwo
  • Poubèl pou Rache Papye
  • Twalèt Pòtab
  • Lang Siy
  • Travay Tanporè
  • Sèvis Netwayaj
Graphic
Illustration of Email icon

Pou jwenn plis enfòmasyon sou Atik pou Refij Moun Itilize Souvan yo (Commonly Used Sheltering Items, CUSI), please email (tanpri voye yon imèl) ki gen "CUSI Information Request" ekri ann liy sijè a. Y ap verifye demann ou a epi y ap voye l bay reprezantan ki aplikab yo.

4. Siveye Sit Opòtinite Kontra yo

Contract opportunities are available on sam.gov (Opòtinite kontra yo disponib sou SAM.gov) (lyen an ann Anglè) pou moun ki ap fè, resevwa ak jere sibvansyon federal yo. Sa se kote òganizasyon ki nan gouvènman federal yo ap pibliye avi sou aksyon kontra pwopoze yo ki gen yon valè plis pase $25,000. Poze tout kesyon nou genyen yo nan Biwo Sèvis Federal (Federal Service Desk) la nan 1-866-606-8220.

FedBid rele Unison Marketplace (lyen an ann Anglè) kounye a. Se yon makèt ki fè tout sa l ap fè yo sou entènèt epi ki konekete moun k ap vann yo ak opòtinite komèsyal ak federal. Poze tout kesyon nou genyen yo nan (877-933-3243) oswa nan fòm customer support (sipò pou kliyan) yo a.

Department of Homeland Security Acquisition Planning Forecast System (Sistèm Planifikasyon ak Previzyon pou Akizisyon MInistè Defans) (lyen an ann Anglè) se yon pòtay pou komèsan ti biznis yo kapab wè aksyon kontraktyèl yo prevwa ki pi plis pase $250,000 yo.

Resous Adisyonèl

Asistans pou Lojman Tanporè

Otèl ak motèl nan zòn yo kapab patisipe nan pwogram Asistans pou Lojamn Tanporè FEMA a, ki ofri chanm pou sivivan katastwòf ki ap chèche èd nan lojman. Jwenn plis enfòmasyon sou emergency lodging assistance (asistans lojman ann ijans) (lyen an ann Anglè).

Bay Koudmen antanke Volontè oswa Fè Don Atik

Si òganizasyon nou an gen atik oswa sèvis pou fè don nan moman entèvansyon apre katastwòf ak efò pou pote sekou, learn how to contribute (konnen kijan nou kapab kontribiye).

National Minority Supplier Development Council

National Minority Supplier Development Council (lyen an ann Anglè) an ede nan pwogresyon opòtinite biznis pou antrepriz minorite ki sètifye yo epi li konekte yo ak antrepriz ki deja manm yo.

Operasyon Debleye Debri

Se sou plas nan zòn kote katastwòf la pase a yo siyen kontra pou debleye debri yo. Si konpayi nou ofri sèvis pou debleye debri, nou kapab register your business information (anrejistre enfòmasyon biznis ou yo) (lyen an ann Anglè) - ansanm ak sa nou ka ofri ak kote nou sèvi yo.

Kontra Avanse yo

Kontra avanse FEMA yo siyen epi distribiye anvan yon deklarasyon sou sitiyasyon katastwòf fèt. Search the advance contracts for goods and services (Chèche kontra avanse pou atik ak sèvis yo) (lyen an ann Anglè).

Soumèt Konpetans yo oswa Fè Demann yon Reyinyon

Nou kapab fè FEMA konnen ki konpetans konpayi nou genyen, oswa mande yon reyinyon ansanm ak yon reprezantan FEMA, pandan n ap soumèt yon Vendor Profile Form(Fòm Pwofil Founisè). Pa gen okenn lajan n ap peye lè n ap soumèt yon Fòm Pwofil Founisè.

Graphic
Illustration of a calendar with a checkmark

Ranpli Fòm Pwofil Founisè a (Vendor Profile Form)

Tanpri mete presizyon sou jan pwodui/sèvis nou an (yo) kapab ede FEMA akonpli misyon li.

Ale nan Vendor Profile Form (lyen an ann Anglè)

Tanpri sonje

Fòm lan pral itil nan asistans pou rechèch nan mache segondè epi nou ka chwazi pa ranpli l tou. Enfòmasyon nou soumèt la pa dwe enfòmasyon prive oswa sansib.

Nou pa bezwen yon Fòm Pwofil Founisè pou fè òf pou yon kontra, men nou dwe oblije anrejistre nan SAM.gov (lyen an ann anglè). 

Nou ap bezwen soumèt yon Fòm Pwofil Founisè pou fè demann yon reyinyon. Pa gen garanti ap gen yon reyinyon, sepandan y ap pataje konpetans nou yo ak pwogram FEMA ki apwopriye a.

Lè nou soumèt fòm pwofil founisè a, sa pa vle di:

  • Yo mete nou nan yon lis founisè prefere pou yo konsidere nou pou operasyon apwovizyònman; FEMA pa gen okenn lis konsa.
  • Garanti konklizyon kontra. 4. Tanpri, kontinye siveye sit opòtinite kontra yo
  • Garanti reyinyon ak Reprezantan FEMA yo.

Kontak

Pou tout lòt demann ki gen pou wè ak fè biznis ak FEMA, tanpri kontakte FEMA Industry Liaison Programla.

Dènye mizajou