Si mwen gen asirans, èske m ka jwenn ranbousman pou depans ebèjman m yo?

Legalman, FEMA pa gen dwa bay menm avantaj asirans deja bay. Polis asirans kapab deja kouvri Depans Adisyonèl pou Sibsistans oswa Depans anplis pou Ebèjman, ki se yon kouvèti ki bay lajan anplis pou peye ogmantasyon depans chak jou, tankou peye ebèjman tanporè, paske ou toujou pa kapab al viv lakay ou aprè konpayi asirans fin peye domaj li kouvri yo.

FEMA kapab bay Ranbousman Depans Ebèjman (LER ann anglè) sèlman si yon moun ki aplike pat jwenn èd pou ebèjman nan men okenn lòt òganizasyon (egzanp òganization benevòl) pou menm pedryòd li mande LER la.

Dènye Mizajou