Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè
Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.
Repons pou Kesyon Moun Poze Souvan yo
Yo pa p aksepte okenn aplikasyon anliy.
Lè ou rele, li pral pran 20 minit pou aplike, e ou ka mande kesyon ak resevwa èd ou bezwen an avèk pwosesis aplikasyon an.
Depi ou fin aplike pou Asistans Fineray COVID-19 epi resevwa nimewo aplikasyon FEMA w, ou ka soumèt dokimantasyon ki obligatwa a nan FEMA nan diferan fason:
- Telechaje dokiman yo nan kont DisasterAssistance.gov ou
- Fakse nan: 855-261-3452
- Voye pa lapòs nan: P.O. BOX 10001, Hyattsville, MD 20782
Kimoun ki kapab aplike pou Asistans Fineray COVID-19:
- Ou se yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa ameriken, oswa yon etranje kalifye ki te fè depans fineray nan oswa apre 20 Janvye 2020, ak
- Depans fineray la se pou yon moun ke lanmò l nan Etazini, teritwa, oswa Distri Columbia, te ka koze pa, oswa pwobableman te rezilta nan, COVID-19.
- Eta, tribi, teritwa, biznis, òganizasyon, ak lòt antite yo.
- Yon timoun minè kap aplike nan non yon adilt minè ki pa yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye.
- Men, yon timoun minè ki se yon sitwayen Ameriken, resòtisan ki pa ameriken, oswa etranje kalifye, ka aplike si yo fè dirèkteman depans fineray pou yon ka lanmò ki gen rapò avèk COVID-19 ansanm avèk dokiman ki sipòte afimasyon sa a.
- Gen plizyè kategori etranje ki pa elijib pou Pwogram Kay ak Moun FEMA, enkli Asistans Fineray COVID-19. Sa yo gen ladan, men li pa limite nan:
- Sitwayen Eta Federe Mikwonezi, Palau, ak Repiblik Marshall Islands
- Detantè viza touris tanporè
- Etidyan etranje
- Detantè viza travay tanporè

Prezidan an te apwouve finansman pou depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19-ki te fèt nan oswa apre 20 Janvye 2020, daprè Lwa 2021 sou Kredi Siplemantè pou Repons ak Sekou Kowonaviris ak Lwa 2021 sou Plan Sekou Ameriken. Yo pa t idantifye yon defisi nan finansman.
Nou ankouraje w pou bay dokimantasyon pou verifye si lanmò a te atribye avèk COVID-19, ansanm avèk prèv lòt asistans fineray yo te resevwa, opli vit ke posib. Depi FEMA fin resevwa tout dokiman ou yo, nou pral verifye ak valide l nan kad pwosesis revizyon aplikasyon an.
Depans pou Asistans Fineray COVID-19 ki elijib jeneralman gen ladan, men li pa limite nan:
- Sèvis fineray
- Antèman
- Transpòtasyon pou jiska de moun pou idantifye moun ki mouri a
- Transfè kadav la
- Sèkèy oswa kofrè
- Teren antèman oswa nich ensinerasyon
- Makè oswa wòch tonbo
- Sèvis ofisyan oswa klèje
- Óganizasyon seremoni fineray
- Itilize ekipman mezon finèb oswa anplwaye
- Depans ki gen rapò avèk pwodiksyon ak sètifikasyon plizyè sètifika lanmò
- Depans adisyonèl ki obligatwa pa nenpòt lwa oswa òdonans gouvènman oswa eta lokal
Mezon finèb yo pa elijib pou aplike nan non w oswa pou l yon ko-aplikan nan aplikasyon pou Asistans Fineray COVID-19 ou. Moun kap aplike a dwe yon patikilye, pa yon biznis oswa lòt antite, ki te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19.
Mwen te responsab pou depans fineray pou plis pase yonsèl moun ke lanmò yo te gen rapò avèk COVID-19. Èske mwen ka aplike pou Asistans Fineray COVID-19 pou plis pase yonsèl lanmò? Èske gen yon limit?
Si ou te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 pou plis pase yonsèl moun, ou ka resevwa Asistans Fineray COVID-19 nan yon maksimòm $9,000 pou chak moun ki te mouri ak yon maksimòm $35,500 pou chak aplikasyon, pou chak eta, teritwa, oswa Distri Columbia, nan ka kote aplikan yo te fè depans pou fineray pou plizyè moun ki te mouri.
Yo dwe soumèt tout depans fineray pou moun patikilye ki mouri a nan yonsèl aplikasyon. Ou ka enkli yon ko-aplikan sou aplikasyon w lan. Si plizyè moun kontribye nan depans fineray yon moun ki gen rapò avèk COVID-19, youn ladan yo ta dwe aplike pou asistans ak soumèt dokiman pou depans fineray nan men tout moun ki te kontribye nan aplikasyon inik sa a.
Wi. Si ou te aplike pa twò lontan de sa pou asistans katastwòf FEMA pou domaj nan kay ak/oswa pwopriyete pèsonèl ak egalman depans fineray pou yon lanmò ki gen rapò avèk COVID-19 nan oswa apre 20 Janvye 2020, ou ka aplike pou Asistans Fineray COVID-19. Ou pral bezwen pou rele Liy èd Asistans Fineray COVID-19 pou konplete yon aplikasyon Asistans Fineray pou COVID-19.