Common RumorsRimè Komen ki gen Rapò avèk Katastwòf

Souvan gen anpil rimè ak fwod apre yon katastwòf. Bay patisipasyon ou pou anpeche rimè yo simaye de pi ou fè kat bagay fasil sa yo: 

  1. Jwenn sous enfòmasyon ou fè konfyans. 
  2. Divilge enfòmasyon ou jwenn nan sous ou fè konfyans yo. 
  3. Dekouraje lòt moun pou yo pa bay enfòmasyon nan sous yo pa verifye. 
Graphic
Beware of Fraud and Scams
alert - info

Ale sou sitwèb Disaster Fraud | FEMA.gov.

Rimè yo

Itilize meni dewoulan an pou distenge selon kalite kesyon an oswa tape yon mo kle.

Rimè: FEMA pral peye pou otèl mwen si mwen rele nimewo 1-800-621-3362.

Reyalite:

Ou pa kapab mande asistans pou peman chanm otèl nan FEMA si ou rele nenpòt nimewo.

Men, FEMA ka ranbouse depans pou lojman ba moun ak fanmi yo ki kalifye. Pou wè si asistans sa a ap disponib pou ou, aplike sou sitwèb  DisasterAssistance.gov.

Rimè: FEMA kapab ranbouse mwen pou depans pou lojman si mwen deplase nan kay prensipal mwen.

Reyalite:

FEMA kapab bay ranbousman pou depans lojman ou fè avèk lajan pòch ou epi ki pa kouvri avèk avantaj asirans ou. Adrès kay prensipal anvan katastwòf yon sitwayen dwe envivab oswa difisil pou antre ladan pou nou konsidere li.

Konsève kopi resi ou yo pou ou kapab prezante yo ansanm avèk aplikasyon ou pou asistans akòz katastwòf la.

Rimè: Si mwen gen asirans, yo pa kapab ranbouse mwen pou depans lojman.

Reyalite:

Sa depann. Dapre lalwa, FEMA pa kapab double avantaj asirans lan. Si asirans lan pa kouvri tout depans ou fè pou lojman pandan yon katastwòf, ou ka toujou kalifye pou ranbousman an.

Rimè: Mwen pral resevwa ranbousman pou depans lojman kalifye yo imedyatman.

Reyalite:

Sa pa vrè. Dat limit ou kapab pa menm paske yo revize demann yo alamen. Pa egzanp, nan katastwòf pi gran echèl yo ki gen anpil moun ki aplike ranbousman resi yo ka pran plis tan.

Rimè: Mwen kapab resevwa ranbousman pou depans mwen fè pou manje oswa transpò pandan mwen rete nan yon otèl.

Reyalite:

Sa pa vrè. Depans kalifye yo ka gen ladan peman pou chanm ak taks yon otèl oswa lòt founisè lojman resevwa. Sa pa gen ladan depans pou manje, koutfil nan telefòn, depans pou transpò oswa lòt kalite depans.

Rimè: Asistans FEMA bay la se sèlman pou pwopriyetè kay yo.

Reyalite:

Sa pa vrè. Asistans FEMA bay la se pa sèlman pou pwopriyetè kay yo. FEMA ka bay asistans tou pou ede lokatè ki pèdi byen pèsonèl yo oswa ki te deplase.

Rimè: Lòt moun te gen plis domaj epi yo bezwen plis èd, poutèt sa mwen pa kapab aplike pou asistans.

Reyalite:

Sa pa vrè. Finansman FEMA disponib p-ou ede tout sivivan kalifye ki te gen pèt akòz katastwòf yo.

Rimè: Sa koute lajan pou aplike pou asistans lan.

Reyalite:

Sa pa vrè. Anplwaye FEMA pa janm egzije moun ki aplike pou yo peye pou asistans akòz katastwòf.

Si ou okouran fwod, gaspiyaj oswa abi, ou kapab rapòte sa yon fason anonim depi ou rele Liy Dirèk FEMA pou Rapòte Fwod nan Katastwòf nan nimewo 866-720-5721. Ou kapab voye yon imèl tou nan StopFEMAfraud@fema.dhs.gov.

Rimè: FEMA pral sèlman bay asistans pou yon moun pou chak fanmi.

Reyalite:

Sa depannde katastwòf la. FEMA ap evalye bezwen tout sivivan kalifye yo sou yon baz ka-pa-ka. 

Rimè: FEMA pral ranbouse mwen pou yon dèlko mwen achte. ase.

Reyalite:

Sa depann. Anjeneral, FEMA pa ranbouse ou pou yon dèlko ou achte. Sonje pou tcheke dènye konsèy yo sou si FEMA ap kouvri depans pou yon sèten katastwòf, peryòd tan li ka kouvri ak lòt enfòmasyon sou kalifikasyon.

Dènye mizajou October 7, 2022