Repons FEMA: K&R sou Pwosesis Apèl

Release Date:
February 10, 2021

Li pa ra pou sivivan yo apèl desizyon FEMA yo konsènan asistans apre yon dezas. Pou moun yo ki pa dakò avèk rezilta FEMA yo, genyen yon pwosesis pou apèl. Men kèk nan kesyon moun poze souvan konsènan pwosesis sa a.

Kisa sa vle di lè FEMA di mwen kapab apèl?

Lè FEMA di ou kapab apèl, sa vle di si w santi kantite montan asistans ou resevwa a pa ase pou ede w avèk rekouvreman an, ou kapab apèl detèminasyon sa a. Sivivan yo dwe soumèt yon lèt pou apèl nan lespas 60 jou ki vini apre dat lèt la.

Kijan pou mwen fè apèl la?

Premyèman, li detèminasyon lèt la avèk atansyon. Yo ta gen dwa jwenn ou pa kalifye akòz dokiman yo ki manke. Si, apre ou fin konfòme w ak tout demann FEMA yo epi ou toujou pa dakò avèk rezilta yo, ou kapab fè yon apèl. Pou fè yon apèl, w ap bezwen pou ekri yon lèt pou eksplike rezon pou apèl ou a. W ap bezwen asire w pou siyen lèt la epi mete tout non w ladan l, nimewo enskripsyon FEMA w avèk nimewo dezas la, epi asire w pou bay dokiman pou sipòte apèl la.  

Kisa m ap bezwen pou fè apèl la?

Ansanm avèk lèt apèl ou an, w ap bezwen bay dokiman pou sipòte apèl la, bagay tankou estimasyon kontraktè yo, nenpòt resi oswa refi asirans oswa lèt ranbousman.

Pa ki mwayen mwen kapab soumèt apèl mwen an?

Genyen twa (3) fason ou kapab soumèt apèl ou an. Ou kapab fakse li nan 800-827-8112. Ou kapab voye li pa lapòs nan (Sant Sèvis Pwosesis Nasyonal FEMA a) FEMA National Processing Service Center, P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055, oswa ou kapab ale nan kont ou sou sitwèb disasterassistance.gov pou soumèt dokiman ou yo.

Kont ki kat (4) bagay ki pi komen sivivan yo fè apèl?

Bagay ki pi komen yo FEMA wè moun fè apèl se pou reparasyon kay, asistans pou lwaye, pwopriyete pèsonèl, avèk pwopriyetè/lokatè.

Kisa k ap rive si mwen genyen plis pase yon sèl apèl?

FEMA ofri plizyè tip asistans, kidonk sa kapab kondui a plis pase yon sèl apèl.

Kilès ki kapab ede m nan pwosesis apèl yo?

Nenpòt moun kapab ede w avèk yon apèl. Ou kapab rele Liy Telefòn Asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa Sèvis Legal Dezas kapab ede w tou. Rele nimewo 800-310-7029.

Kisa k ap rive si mwen te rate espas peryòd 60-jou pou fè apèl la?

Menmsi ou rate espas peryòd 60-jou a, ou toujou kapab apèl; men, ou pral bezwen pou eksplike pou kisa lèt apèl la anreta.  

Èske se yon bagay ki ra pou fè yon apèl?

Li pa ra pou sivivan yo fè yon apèl. Se yon opòtinite pou sivivan yo bay dokiman adisyonèl pou sipòte demann yo.

Konbyen tan li pran pou yo konsidere yon apèl?

Li kapab pran jiska 90 jou pou FEMA pran yon desizyon, se poutèt sa a li enpòtan pou bay tout dokiman nesesè yo avèk premye apèl ou a.

Kijan pou mwen konnen si yo apwouve oswa rejte apèl mwen an?

FEMA pral voye lèt desizyon w lan ba ou swa pa lapòs swa pa imèl. Ou kapab ale tou nan kont ou sou entènèt nan disasterassistance.gov pou tcheke estati aplikasyon ou.

Èske mwen ka fè yon apèl ankò si mwen genyen plis enfòmasyon?

Ou kapab apèl desizyon apèl orijinal ou a si ou genyen enfòmasyon nouvo oswa adisyonèl ou pat bay nan premye demann lan.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite sitwèb fema.gov/disaster/4559. Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite sitwèb fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou