Pwogram Endividyèl ak pou Fwaye

Kondisyon pou Resevwa Asistans

Aplike Kounyeya

Pwogram FEMA pou Endividyèl ak pou Fwaye yo  (FEMA’s Individuals and Households Program, IHP) bay sèvis finansye ak sèvis dirèk pou moun ki elijib e pou fanmi ke dezas la te afekte, e ki gen depans asirans pa kouvri oswa poutèt yo pa gen ase asirans e yo gen gwo nesesite. Asistans IHP se pa yon sibsiti pou asirans e li pa ka konpanse moun pou tout sa yo pèdi nan yon dezas. Asistans yo bay la se pou ede w satisfè bezwen elemantè w yo e pou sipleye efò rekiperasyon dezas yo.

Nan Asistans IHP ka gen:

  • Fon pou lojman tanporè pandan w pa ka rete anndan kay ou, tankou asirans pou lwe kay, oswa ranbousman pou depans lotèl
  • Yon espas lojman tanporè, si yo apwouve l pou dezas la, lè w pa ka itilize asistans pou lwe kay poutèt ou pagen ase resous lojman ki disponib
  • Fon pou sipòte reparasyon oswa pou ranplase kay kote mèt kay la rete ke yo itilize rezidans prensipal fanmi a rete, ikonpri wout aksè prive ki pou moun, kòmparegzanp antre, wout oswa pon.
  • Fon pou lòt depans poutèt pagen asirans oswa poutèt pagen ase asirans epi moun yo nan gwo nesesite, tankou reparasyon oswa ranplasman byen pèsonèl ak veyikil, oswa fon pou demenajman oswa pou antrepo, fon medikal, dantè, gadri timoun, fineray, ak divès lòt atik ke eta, teritwa oswa gouvènman tribal kote w rete a apwouve
alert - info

Aprann plis bagay sou kisa asistans FEMA kouvri pou fanmi ak lòt nesesite ki genyen.

Kondisyon pou Resevwa Asistans nan Pwogram pou Endividyèl ak pou Fwaye

Chak tip asistans ki nan pwogram nan egzije pou yo verifye nesesite ki pa satisfè a, e pou yo verifye sa rive poutèt yon dezas yo deklare pou jwenn Asistans Endividyèl. Sepandan, si pou aplikan an resevwa nenpòt asistans nan Pwogram pou Endividyèl ak pou Fwaye, fòk li satisfè kondisyon jeneral sa yo.

  • Ranpli yon aplikasyon pou asistans nan Pwogram FEMA pou Endividyèl ak pou Fwaye.
  • Konfime ou se yon sitwayen Etazini, sitwayen Inyon non nasyonal, oswa yon etranje ki kalifye
  • Pase yon sistèm verifikasyon idantite
  • Montre ou gen nesesite ki pa satisfè, lè w fin resevwa benefis asirans yo oswa lè w fin resevwa lòt fòm sèvis asistans dezas
  • Pou depans nesesè yo ak gwo nesesite yo, fòk yo se yon dezas deklare ki fè pou koze yo dirèkteman

Telechaje  Fèy ki bay ransèyman sou Pwogram pou Endividyèl ak pou Fwaye  pou ka konn plis bagay.

Aplike Kounyeya

Si ou pare pou aplike kounyeya pou asistans pou katastwòf oswa si ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou kalite asistans ki disponib, tanpri itilize youn nan metòd suivan yo:

Aplikasyon sou Entènèt oswa nan Smartphone (Telefòn Entelijan)

Ou ka aplike nan Pwogram pou Endividyèl ak pou Fwaye oswa w ka tcheke kondisyon aplikasyon w lan nan DisasterAssistance.gov. Epitou ou ka  ale nan sit FEMA nan telefòn entelijan w lan, annik telechaje aplikasyon an nan sit entènèt nou an oswa atravè magazen aplikasyon konpayi telefòn ki ba w sèvis mobil la.

Pa Telefòn

Ou ka rele FEMA nan nimewo gratis la nan 1-800-621-3362 pou aplike pou asistans oswa pou tcheke kondisyon aplikasyon w la.

Si ou itilize yon sèvis relè videyo, sèvis telefòn ki gen tit oswa lòt sèvis kominikasyon, tanpri bay FEMA nimewo espesifik yo bay pou sèvis sa a.

An Pèsòn

Ou ka ale nan yon Sant Sekou Dezas FEMA (FEMA Disaster Recovery Center, DRC). Pou ka jwenn kote DRC yo yre:

Manm ekip Asistans Sivivan Dezas yo ka vin vizite de pòt-an-pòt nan zòn ou kote w rete a. Yap gen pyès idantifikasyon ofisyèl FEMA ak foto yo sou li.

Dènye mizajou September 15, 2022