Pwogram pou Sipòte Sivivan Dezas yo

alert - info

Enfòmasyon ki figire nan paj sa pa reflete mizajou Asistans Endividyèl pou katastwòf ki deklare nan dat kap 22 mas 2024 la.

Kounye a, pran plis sou sa ki disponib yo.

FEMA gen plizyè pwogram Asistans Endividyèl li kreye pou l sipòte sivivan dezas yo. Ou ka aplike kounyeya nan DisasterAssistance.gov oswa w ka revwa kalite asistans suivan yo pou konnen kilès ki pi bon pou sa w bezwen an.

Asistans Chomaj Poutèt Dezas

Asistans Chomaj Poutèt Dezas bay sivivan yo avantaj poutèt yo nan chomaj ak sèvis asistans pou ede sivan ki afekte pa dezas la, rejwenn travay. Anjeneral, yo peye avantaj yo pandan 26 semèn apre yo fin deklare dezas la. Asistans sa a se sèlman pou sivivan ki pa kalifye pou resevwa lajan asirans chomaj leta. Se lalwa leta ki kalkile kantite asistans finansyè yon sivivan ka touche, kidonk montan sèvis yo varye de-yon-eta-a-yon-lòt e li varye de dezas-an-dezas. Telechaje Fèy ki bay ransèyman sou asirans chomaj  pou ka konn plis bagay.

Nenpòt moun ka kontakte Disaste Unemployment Assistans (Biwo Asistans Chomaj Poutèt Dezas) nan 1-866-487-2365 oswa yo ka kontakte ajans asirans chomaj leta ki bò lakay yo.

Asistans Dijans ak Swen an Mas

Yo bay Mass Care ak Asistans Dijans anvan yon ensidan potansyèl rive e pandan sekou imedya yo pote poutèt yon ensidan. Yo voye anplwaye ak resous nan sant sekou lokal nan zòn ki afekte yo [sic]. Sèvis yo ofri se: Abri; alimantasyon; distribisyon atik dijans; sipò pou moun ki gen andikap ak zòt ki andikape, oswa moun ki bezwen jwenn aksè ak moun ki bezwen èd pou fonksyone; sèvis reyinifikasyon pou granmoun ak timoun; sipò pou bèt domestik, sèvis zannimo, ak asistans zannimo; ak sipò pou moun ki evakye an mas. Tout sivivan ki frape yo kalifye pou resevwa sèvis sa yo.

Itilize Sistèm Lokalizasyon Sant Dezas la (Disaster Recovery Center, DRC) pou jwenn yon sant kiofri resous sa yo.

Revwa sa nou rekòmande epi konsidere planifikasyon yo pou bay swen an mas pandan yon pandemi.

Pwogram Asistans Endividyèl ak pou Fwaye

FEMA itiiize Pwogram pou Endividyèl ak pou Fwaye a pou l ede moun ak fanmi ki pèdi kay yo poutèt yon dezas ki deklare onivo prezidansyèl, epi FEMA ede ak lòt bagay moun bezwen tankou gadri timoun, depans medikal oswa atik pou netwaye, poutèt dezas la.

Ale nan paj Lojman ak Lòt Nesesite Endividyèl (Housing and Other Individual Needs) pou aprann plis bagay, oswa ale nan DisasterAssistance.gov pou aplike pou Pwogram Endividyèl ak Pwogram Fanmi.

Pwogram Jesyon Ka Dezas

Pwogram Jesyon Ka Dezas enplike asosyasyon ki genyen ant yon responsab ka e yon sivivan dezas. Entansyon pwogram sa a se evalye ak adrese nesesite yon sivivan genyen ki pa satisfè atravè yon plan sekou dezas. Nan plan sekou dezas la gen resous ki disponib, priyorite nan desizyon kap pran, bay konsèy, ak zouti pou ede sivivan dezas yo.

Revwa kit zouti a pou konnen kijan pou aplike pou Pwogram Jesyon Ka Dezas la.

Pwogram Fòmasyon ak Asistans Konsèy Lè Gen Kriz

Pwogram Fòmasyon ak Asistans Konsèy Lè Gen Kriz la bay lajan anplis pou ede moun dezas la frape ak ede kominote yo remonte apre yon gwo dezas atravè sèvis ki baze nan kominote ak sèvis siko-edikatif. Objektif la se pou ede sivivan yo reprann poutèt tout move reyaksyon ki rive poutèt dezas yo e pou yo rekonstwi lavi yo. Sèvis yo ofri yo se finansman pou konsèy ki ede lè gen kriz, siko-edikasyon, aprann devlope metòd pou adapte ak sityasyon an, ak lyen pou jwenn resous ki apwopriye.

Aprann kijan pou aplike pou sibvansyon Fòmasyon ak Asistans Lè Gen Kriz.

Sèvis Jiridik Lè Gen Dezas la bay èd jiridik pou sivivan ki te frape poutèt gwo dezas ki te deklare onivo prezidansyèl. Sèvis sa yo disponib pou sivivan ki kalifye antanke moun ki gwn ti-salè e yo limite pou ka ki nòmalman pa ta dwe nesesite frè jiridik. Anjeneral jan de asistans jiridik ofri se èd ak reklamasyon asirans (paregzanp sante, byen oswa asirans lavi), rekiperasyon oswa repwodiksyon ki pèdi nan dezas la, èd pou repare kay ak èd poutèt pwoblèm ak kontraktè ak/oswa mèt kay, preparasyon dokiman pou bay moun manda ak gad legal, ak pwosedi pou konteste desizyon FEMA.

Aplike pou Sèvis Jiridik Lè Gen Dezas nan paj DisasterAssistance.gov's legal services .

Kowòdinasyon Ajans Volontè

Ajans volontè yo pami premye ajans ki bay sivivan yo sèvis sekou apre yon dezas epi yo kontinye pote sekou nan zòn ki afekte yo atravè peryòd rekonstriksyon an. Travay òganizasyon sa yo konplemante asistans federal la e yo ka kouvri eka asirans yo pa kouvri. Men kijan Kowòdinatè Ajans Volontè FEMA yo sipòte kominote yo, yo evalye nesesite ki pa satisfè yo e yo òganize efò kowòdinasyon ki fèt byen bonè, lèfini yo devlope ak gide gwoup rekipere alontèm ke yo te kreye pou ede moun ak fanmi ak pwosesis rekiperasyon an.

Resous Pou Sivivan Adisyonèl

Nan Ready.gov gen anpil zouti ak resous ki ede moun prepare anvan yon dezas oswa l ede yo jwenn sipò/èd apre dezas, kidonk se:

Note Silvouplè

Yo te kreye pwogram asistans dezas yo atravè pwogram Asistans Pèsonalize FEMA pou satisfè bezwen esansyèl yo sèlman e yo pat kreye yo pou kouvri tout pèt yo. Gen sèten moun ki kalifye pou jwenn èd nan plis ke yon pwogram; ou ka byen resevwa èd anplis nan men lòt ajans federal ak ajans volontè yo.

Dènye mizajou