Asistans pou Lojman ak Lòt Bezwen

FEMA ka bay lajan ak lòt sèvis pou ede w rekipere apre pèt ki koze pa yon katastwòf prezidan an deklare, tankou domaj nan kay ou, machin ou, ak lòt byen pèsonèl.

Nòt: FEMA pa bay asistans pou ti biznis ki afekte pa yon katastwòf. Patnè nou an, Administrasyon Ti Biznis Ameriken [(U.S. Small Business Administration (SBA)], ofri prè ak ti enterè pou domaj biznis. Anplis, nou pa ofri asistans lojman pou dezyèm kay, sèlman pou rezidans prensipal ou.

alert - info

Ou ka kalifye pou asistans katastwòf FEMA menm si w gen asirans. Ou dwe fè yon reklamasyon ak konpayi asirans ou epi soumèt lèt règleman asirans lan oswa lèt refi a bay FEMA pou detèmine si w kalifye pou kèk fòm asistans.

Aplike pou Asistans FEMA nan DisasterAssistance.gov (lyen an Angle)

External Link Arrow

Ki sa Asistans FEMA Kouvri

Asistans Lojman

  • Asistans Lwaye: lajan ou ka itilize pou lwe yon lòt kay si ou te deplase soti lakay ou akòz katastwòf la.
  • Ranbousman Depans Lojman: lajan pou ranbouse w pou depans lojman ijans tankou otèl oswa motèl si w deplase soti nan kay ou akòz katastwòf la.
  • Reparasyon oswa Ranplasman Kay: lajan pou ede w repare oswa ranplase kay ou ki te domaje pa katastwòf la.
  • Bezwen Aksesibilite: lajan pou ede moun ki siviv ki gen andikap fè reparasyon espesifik pou asire kay yo aksesib.
  • Wout, Pon, Dok Prive: lajan pou moun ki siviv kote sèl aksè pou ale lakay yo te domaje pa katastwòf la.
  • Inite Lojman Tanporè: si yo apwouve w pou katastwòf la, lè w pa kapab itilize asistans lwaye akòz mank resous lojman ki disponib.
  • Rediksyon Risk Lajan pou mezi espesifik pou ede pwopriyetè kay ki kalifye repare oswa rekonstwi kay ki pi solid, pi dirab

Asistans pou Lòt Bezwen

Graphic
bottle of medicine

Asistans pou Bezwen Serye [Serious Needs Assistance (SNA)]

Yon peman davans, fleksib pou chak kay pou bagay esansyèl tankou manje, dlo, fòmil tibebe, materyèl pou bay tete, medikaman ak lòt bezwen serye ki gen rapò ak katastwòf la

REMAK: SNA pa yon fòm ranbousman pou pèt kouran oswa ranplasman manje. Li fèt pou bezwen ijans sèlman.

  • Deplasman: lajan pou ede w ak bezwen lojman si w pa ka retounen lakay ou akòz katastwòf la.
  • Gadri: lajan pou ede w peye depans gadri oswa yon ogmantasyon nan depans gadri ki koze pa katastwòf la.
  • Netwayaj ak Dezenfeksyon: lajan pou ede w peye pou ti domaj ki koze pa katastwòf la pou anpeche plis pèt ak pwoblèm potansyèl pou sante oswa sekirite.
  • Antèman: lajan pou ede w peye depans fineray oswa re-antèman ki koze pa katastwòf la.
  • Polis Asirans Inondasyon an Gwoup: acha yon polis asirans inondasyon ki gen pwoteksyon pou twa zan si kay ou nan yon Zòn ki gen Risk Espesyal pou Inondasyon, epi w gen domaj inondasyon ki koze pa katastwòf la.
  • Medikal/Dantè: lajan pou ede w peye depans ki gen rapò ak blesi oswa maladi ki koze pa katastwòf la.
  • Byen Pèsonèl: lajan pou ede w repare oswa ranplase aparèy elektwomenaje, mèb chanm, ak òdinatè pèsonèl oswa familyal ki domaje akòz katastwòf la.
  • Transpò: Lajan pou ede w repare oswa ranplase yon veyikil ki domaje akòz katastwòf la lè w pa gen lòt veyikil ou ka itilize.

Dènye Mizajou