Kòman pou Idantifye yon Enspektè FEMA

Release Date:
October 15, 2021

Enspektè FEMA yo ap anrejistre dega katastwòf lan lakòz. Yo p ap detèmine si ou kalifye pou èd FEMA ni pou montan oswa tip asistans FEMA kapab ofri. Li enpòtan pou reponn lè yo eseye kontakte ou.

Men kòman pou ou idantifye moun ki ap prezante l devan pòt ou an oswa nan telefòn se enspektè FEMA.

Enspeksyon anpèsòn: Tout manm pèsonèl FEMA yo ak tout kontraktè yo, genyen yon pyès idantifikasyon ofisyèl. Aplikan yo ta dwe toujou mande enspektè yo pou montre badj ofisyèl yo, ki montre non ak foto yo. Enspektè kontraktè FEMA yo dwe pote badj ofisyèl patwon yo ba yo. Yo, dwe tou, montre non, foto epi si posib, yon nimewo idantite.

Enspeksyon a distans: Enspektè yo ap verifye si yo jwenn bon kandida an pandan yo ap mande li kat dènyè chif ki nan rejis nèf chif kandida FEMA a. Enspektè ap founi kat premye chif nan idantifikasyon rejis kandida a. Kandida a resevwa nimewo rejis la lè yo konplete yon aplikasyon FEMA.

Kèk lòt pwen pou kenbe nan tèt ou sou enspektè FEMA yo:

  • Enspektè yo pa mande lajan pou yo konplete yon enspeksyon epi pa pwomèt ou pral resevwa yon sibvansyon.
  • Yo genyen adrès ou ki soti nan aplikasyon asistans FEMA pou katastwòf, men yo dwe kontakte w pou direksyon pou pwopriyete ou.
  • Yo kapab itilize apèl telefònik, mesaj tèks, epi imèl—enfòmasyon kontak ou founi nan aplikasyon FEMA ou.
  • Enspektè yo kapab rele ak telefòn FEMA founi oswa telefòn selilè pèsonèl yo, epi areya kòd ta kapab soti yon kote andeyò eta New York.
  • Mete yon mayo oswa yon vès ki di FEMA pa reprezante yon pyès idantite ofisyèl. Mande pou wè badj idantifikasyon ak foto FEMA yo. Lalwa federal entèdi pran yon foto oswa fotokopi kat idantite gouvènman ameriken. Se yon vyolasyon yo pini ak amand epi prizon. 
  • Si ou pa lakay ou, enspektè an pral poste yon lèt lakay ou.

Si ou tounen lakay ou jwenn yon lèt enspektè devan pòt ou, pa inyore li. Lèt la se yon pati nan pwosesis enspeksyon an epi pral genyen non ak enfòmasyon kontak enspektè a. Si ou aplike nan FEMA epi ou te ap tann vizit enspektè a, kontakte enspekte a pou kontinye pwosesis la. Pa pataje enfòmasyon kontak enspektè a nan medya sosyal.

Si ou jwenn lèt enspektè FEMA yo devan pòt ou epi ou pa aplike pou asistans ak FEMA, kontakte FEMA, Divizyon FEMA pou Ankèt sou Fwod ak Enspeksyon nan 866-223-0814 oswa imèl StopFEMAFraud@fema.dhs.gov. Enspektè FEMA te ap swiv gid ak pwotokòl enspeksyon FEMA yo. Ou dwe kontakte enspektè a dirèk epi eksplike ou pa te aplike. Enspektè pral rapòte konsa kisa ki te pase.

Ou kapab verifye ou genyen yon enspeksyon ankou pandan w ap rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362 oswa VRS (Sèvis Relè Videyo). Ou kapab vizite tou DisasterAssistance.gov epi seleksyone “Review Status.” Yo ankouraje w pou verifye si adrès ou kòrèk epi founi direksyon espesifik pwopriyete ou.

Si ou panse ou menm oswa yon moun ou konnen viktim yon magouy oswa te viktim vòl idantite, rapòte li imedyatman bay lapolis lokal ou a oswa depatman cherif la. Ou dwe kontakte tou Divizyon Ankèt pou Fwod ak Enspeksyon FEMA nan nimewo telefòn oswa adrès imèl ki anba yo.

Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon New York, vizite www.fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 epi sou Facebook nan www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou