Depatman Agrikilti Ameriken an (USDA) gen de pwogram pou ede pwodiktè agrikòl yo rekipere apre yon katastwòf. Dat limit pou aplike se 30 Janvye.
Content Archive
In an effort to keep FEMA.gov current, the archive contains outdated information that may not reflect current policy or programs.
FEMA nan tèt kole ak gouvènman an Zile Vyèj Etazini (Government of the U.S. Virgin Islands, GVI) an ak Biwo Retablisman apre Katastwòf nan Zile Vyèj (Virgin Islands Office of Disaster Recovery, ODR) anonse plizyè angajman ki fenk pran pou bay finansman siplemantè pou ede teritwa a rekanpe sou de pye l apre siklòn Irma epi Maria a. Yo debloke yon montan 161.5 milyon dola pou fè reparasyon ak ranplasman antèn kominikasyon sou Zile Sent Kwa, Sen Toma, ak zile Sen Jan, 205,9 milyon dola pou soutni ranpolasman inite pwodiksyon nan santral elektrik Randolph Harley nan Sen Toma, ak 661 milyon dola pou ranplase tibin ak jeneratè nan santral elektrik Richmond an nan Sent Kwa.
FEMA ap chèche elèv ki nan klas 8yèm ane rive nan 11yèm ane nan Zile Vyèj Ameriken yo ki fèm nan navige yon chemen nan direksyon lidèchip nan kominote yo pou aplike pou yon opòtinite pou rantre nan Konsèy Preparasyon Jèn yo. Konsèy la rasanble adolesan atravè nasyon an ki enterese nan preparasyon epi k ap chèche devlope rezo ki pral nouri siksè yo nan lavni.
Malgre dat limit pou aplike pou asistans FEMA pou Siklòn Milton ak/oswa Helene yo te pase, nou toujou disponib pou ede aplikan yo. Floridyen ki afekte nan tanpèt yo ta dwe rete an kontak avèk FEMA pou asire pwosesis asistans pou katastwòf yo rete valab.
Pwopriyetè kay ak lokatè nan Florid ki te sibi domaj nan siklòn Milton ak/oswa Helene gen sèlman yon jou ki rete pou aplike pou asistans FEMA. Dat limit aplikasyon an se 7 jan. 2025
Hickory, NC – Sou demann Gouvènè Cooper, sivivan tanpèt twopikal Helene nan Kawolin di Nò yo genyen kounye a jiska 6 fevriye 2025 pou aplike pou asistans nan FEMA.
Floridyen ki te sibi pèt nan Siklòn Milton ak/oswa Helene gen yon semèn ki rete pou aplike pou asistans federal. Dat limit lan se 7 jan. 2025
Si w se yon travayè endepandan, FEMA gendwa kapab bay lajan pou repare oswa ranplase zouti ak ekipman ki andomaje nan katastwòf la ki nesesè pou travay ou. Èd sa a disponib pou yon gran varyete aplikan, tankou fèmye, atis, mizisyen, mekanik ak anpil lòt okipasyon.
Floridyen ki te sibi pèt nan Siklòn Milton ak/oswa Helene gen de semèn ki rete pou aplike pou asistans federal. Dat limit lan se 7 jan. 2025
Hickory, NC – An patenarya ak gouvènman eta a ansanm avèk gouvènman lokal yo, 12 sant rekiperasyon pou katastwòf nan Ashe, Avery, Burke, Buncombe, Haywood, Henderson, Madison, McDowell, Polk, Rutherford, Transylvania ak konte Watauga pral fèmen nan 6 p.m. nan dat 23 Desanm pou jou fèt la.
FEMA te ouvri yon Sant Mobil Redrèsman apre Katastwòf nan Konte Lee pou bay Rezidan Florida ki afekte pa siklòn Milton ak Helene yo èd youn apre lòt. Sant lan kapab sèvi tou pou sivivan Siklòn Debby yo.
Yo afiche avi piblik sou sit entènèt FEMA a ki dekri asistans FEMA genyen ki disponib ak mezi ki pwopoze epi FEMA ap finanse, tankou aktivite ki ka afekte pwopriyete istorik, plèn ki inondab yo ansanm ak marekaj ki gen nan Florida apre siklòn Helene ak Milton yo.
Soti nan tradisyon tankou dekore yon plant sèk ki gen syèk, anfilaj òneman ak limyè alantou yon pyebwa ink berry oswa yon touch modèn nan dekorasyon klere tou sou yon sapen enpòte Nò Ameriken - anpil nan nou jwi de limyè nan jou ferye yo. Se vcvcon tan fèt nan ane a. Kit wap tande "Ma Ma bake your Johnny Cake" pa Stanley ak Dis Sleepless Knights oswa rasanble ak fanmi pou yon Old Time Crucian Nwèl, jou ferye yo prezante yon bon moman pou detant nan lavi chak jou. Menmsi nou pa dwe diminye sou vijilans nou lè li kesyon de sekirite.
Rezidan Kawolin di Nò yo ki gen domaj ki gen rapò ak katastwòf oswa pki te sibi pèt nan Tanpèt Tropikal Helene gen yon mwa pou aplike pou asistans federal. Dat limit aplikasyon an se 7 Janvye 2025.
Sou demann eta Kawolin di Nò, pwogram Asistans Pwoteksyon Tranzisyonèl FEMA a te pwolonje jiska 11 Janvye 2025, pou sivivan Helene yo ki kontinye bezwen abri tanporè.
FEMA ka ede ak depans pou demenaje ak estoraj pou sivivan Kawolin di Nò yo ki elijib ki pa kapab rete lakay ou oswa k ap viv nan yon abri tanporè.
Eta Florida a, Depatman Agrikilti Ameriken (U.S. Department of Agriculture, USDA) ak FEMA ap kowòdone Sant Rekiperasyon Agrikòl pou yon jou nan konte Hamilton, Hendry, Lafayette, Lee, Levy, Madison, Polk ak Suwannee. Evènman sa yo te òganize pou bay sipò ak kiltivatè ki afekte yo nan siklòn Milton, Helene ak Debby. Sant Rekiperasyon Agrikòl yo pral ede pwodiktè agrikilti ak akwakilti Florida yo aprann sou asistans rekiperasyon pou katastwòf ki disponib apre siklòn yo.
Apre siklòn Debby, Helene ak Milton, moun Florid yo ka benefisye de konsèy gratis nan men ekspè FEMA sou fason pou yo rebati pi fò ak pi an sekirite. Espesyalis alèjman FEMA yo pral nan Konte Citrus pou ofri konsèy gratis sou kijan ou ka amelyore kay ak metòd pwouve pou anpeche ak diminye domaj nan lòt katastwòf yo.
Sivivan Tanpèt Twopikal Helene nan North Carolina ka elijib pou kontinye asistans lokasyon pou lojman tanporè atravè Pwogram Endividyèl ak Kay FEMA a.
FEMA ak eta Florida a ap travay pou yo gen asirans, sinistre Siklòn Helene ak Milton yo nan lojman ki an sekirite epi ki fonksyonèl. Solisyon lojman ak abri tanporè yo disponib aktyèlman pou fwaye ki elijib yo. Li enpòtan pou w sonje, sinistre yo ka elijib pou plis pase yon kalite asistans pou lojman.