TALLAHASSEE, Fla. -- Floridyen ki te sibi pèt nan Siklòn Milton ak/oswa Helene gen yon semèn ki rete pou aplike pou asistans federal. Dat limit lan se 7 jan. 2025
Si ou te aplike pou asistans FEMA apre Siklòn Helene epi ou gen plis domaj nan Siklòn Milton, w ap bezwen aplike pou Milton separeman epi bay dat dènye domaj ou te sibi a.
Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè pou aplike sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa lè yo telechaje Aplikasyon FEMA. Ou ka aplike tou pa telefòn nan 800-621-3362. Liy yo louvri chak jou epi èd disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit loswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.
Pou w ka gade yon videyo aksesib sou kijan pou w aplike pou asistans ale nan FEMA Aksesib: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.
Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X nanx.com/femaregion4oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.