ST. THOMAS, ZILE VYÈJ AMERIKEN YO – FEMA nan tèt kole ak gouvènman an Zile Vyèj Etazini (Government of the U.S. Virgin Islands, GVI) an ak Biwo Retablisman apre Katastwòf nan Zile Vyèj (Virgin Islands Office of Disaster Recovery, ODR) anonse plizyè angajman ki fenk pran pou bay finansman siplemantè pou ede teritwa a rekanpe sou de pye l apre siklòn Irma epi Maria a. Yo debloke yon montan 161.5 milyon dola pou fè reparasyon ak ranplasman antèn kominikasyon sou Zile Sent Kwa, Sen Toma, ak zile Sen Jan, 205,9 milyon dola pou soutni ranpolasman inite pwodiksyon nan santral elektrik Randolph Harley nan Sen Toma, ak 661 milyon dola pou ranplase tibin ak jeneratè nan santral elektrik Richmond an nan Sent Kwa.
"Direktris ODR la ki se Adrienne L. Williams-Octalien deklare, "Biwo Retablisman apre Katastwòf la apresye kolaborasyon kontinyèl ant pèsonèi li a ak ekip FEMA a nan zile Vyèj Etazini yo." "Angajman sa yo make yon nouvo depa pou sistèm distribisyon enèji VIWAPA an nan Sent Kwa ak ranfòsman ensfrastrikti kominikasyon BIT a, sa k ap mete teritwa a nan yon pi bon pozisyon pou fè fas ak evènman metewolojik ki gen pou vini yo ansanm ak lòt menas potansyèl yo."
Siklòn 2017 yo lakoz anpil domaj nanpoto pilòn, antèn ak satelit yo, epi nan bilding Teritwa a posede. Angajman sa yo pral ede Biwo Enfòmasyon Teknolojik la retore kapasite kominikasyon ijans teritwa a epi amelyore fonksyonalite 911 yo.
Pandansetan, Angajman finansman pou santral santral elektrik pou Otorite Dlo ak Enèji yo ak kontribye nan amelyore efikasite enèjetik tout teritwa a. Santral Elektrik Randolph Harley la ap resevwa èd pou ranplase de (2) inite pwodiksyon ki sibi gwo domaj. Pwojè a gen ladan l, fon pou reparasyon sèt (7) lòt inite pwodiksyon. Nan Sent Kwa, santral eketrik Richmond an ap benefisye ranplasman uit (8) tibin/jeneratè, ansanm ak ranplasman batiman ak transfòmatè nan sou-estasyon an. Envestisman enpòtan sa yo ta dwe ranfòse rezilyans rezo elektrik la fas ak pètibasyon ki gen pou vini yo.
"Gouvènman federal la te yon patnè enpòtan nan efò n ap fè pou retablisman ak rekonstriksyon apre siklòn Irma ak Maria " Envestisman 1.02 milya dola FEMA fè nan poto pilòn kominikasyon nou yo ak santral elekrik nou yo ranfòse enfrastrikti nou yo nan yon lòt nivo epi amelyore rezilyans nou fas ak defi ki gen pou vini yo. Gouvènè Albert Bryan Jr. deklare, "objektif nou se pa sèlman ranplase enfrastrikti ki la lontan yo, men pou transfòme yo-pandan n ap konstwi sistèm modèn ki fèt pou reziste ak defi klima k ap evolye nan sa ki gen pou wè ak chanjman." "Pandan pwosesis la ap pran tan, pwogrè yo parèt klè. Ansanm ak FEMA epi patnè federal nou yo, n ap kontwi fondasyon yon teritwa Zile Vyèj ki pi solid epi ki pi dirab, ki reflete rezilyans ak detèminsayon popilasyon nou an. Travay sa a esansyèl, epi ak sipò kontinyèl patnè federal yo, administrasyon nou an rete konsantre sou fason pou acheve l.
Finansman pwojè enfrastrikti sa yo rive posib gras ak Lwa ki konsène De (2) Pati sou Bidjè (Bipartisan Budget Act,BBA) 2018 la, ki bay FEMA yon fleksibilite siplemantè pou ede moun ki aplike yo repare oswa ranplase enstalasyon enpòtan yo, tankou enfrastikti ki sibi gwo domaj oswa ki la lontan, selon nòm aktyèl endistri yo, san pran kòm modèl, fason yo te ye anvan katastwòf yo.
Kristen A. Hodge ki se direktris Biwo Retablisman FEMA a deklare, "Envestisman sa yo souliyen angajman FEMA pran pou ede abitan Zile Vyèj yo kontinye retablisman yo apre siklòn 2017 yo". "Angajman pou bay finansman sa yo souliyen patenarya kontinyèl nou genyen ak Gouvènman Zile Vyèj yo epi Biwo Retablisman apre Katastwòf la nan sipòte retablisman ak kreye kay ki gen plis rezistans pou tout moun k ap viv nan Zile Vyèj yo".
Jiska jodi a, FEMA te debloke $16 milya dola nan kad pwogram Asistans Piblik li a pou reparasyon ijans ak pèmanan enfrastrikti ki te andomaje pandan siklòn 2017 yo. Nan $16 milya dola a, yo te apwouve anviwon $1.07 milya dola pou mezi diminisyon risk pou ede kanpe repetisyon domaj katastwòf lakoz ak pou rekonstriksyon.
