Ekspè alèjman FEMA yo ofri konsèy sou rekonstwiksyon nan Konte Citrus

Release Date Release Number
NR-041
Release Date:
Desanm 2, 2024

TALLAHASSEE, Fla. - Apre siklòn Debby, Helene ak Milton, moun Florid yo ka benefisye de konsèy gratis nan men ekspè FEMA sou fason pou yo rebati pi fò ak pi an sekirite. Espesyalis alèjman FEMA yo pral nan Konte Citrus pou ofri konsèy gratis sou kijan ou ka amelyore kay ak metòd pwouve pou anpeche ak diminye domaj nan lòt katastwòf yo.

Espesyalis FEMA yo ap disponib nan lokal sa yo ant 2 desanm jiska 7 desanm:

The Home Depot
70 N. Suncoast Blvd
Crystal River, FL 34429

  • 7:30 a.m. rive 5:00 p.m. ET, Lendi – Vandredi, 2 – 6 Desanm
  • 7:30 a.m. rive 1:00 p.m. ET, samdi 7 desanm

Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè ki afekte nan siklòn Debby, Helene ak Milton pou aplike pou asistans FEMA anvan dat limit 7 janvye a.

Kijan Pou Aplike 

Fason ki pi rapid pou aplike se sou entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa si ou itilize Aplikasyon FEMA . Ou ka aplike tou pa telefòn nan 800-621-3362. Liy yo louvri chak jou epi èd disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit  loswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w ka gade yon videyo aksesib sou kijan pou w aplike pou asistans ale nan  FEMA Aksesib: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X nanx.com/femaregion4oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan ak apre katastwòf yo. FEMA pran angajman pou l asire asistans pou katastwòf yo akonpli ekitab, san diskriminasyon pou rezon ras,koulè, nasyonalite, sèks, oryantasyon seksyèl, relijyon, laj, andikap, konpetans angle, oswa sitiyasyon ekonomik.  Nenpòt moun ki sivivan katastwòf oswa manm piblik la ka kontakte Biwo Dwa Sivil FEMA a si yo santi yo gen yon plent pou diskriminasyon.

 Ou ka kontakte Biwo Dwa Sivil FEMA a nan FEMA-OCR@fema.dhs.gov oswa gratis nan 833-285-7448.

 

Tags:
Dènye Mizajou