NEW YORK - Ou te aplike kay FEMA pou asistans pou katastwòf apre Siklòn Ida te fin frape New York, epi ou te resevwa yon lèt. Ou pa sèten sou sa ki di an, men ou panse sa pa bon.
Souvan, FEMA voye lèt sa yo lè aplikasyon an manke enfòmasyon. Petèt ou pa te montre prèv ou se moun ou di ou ye a, ou se mèt lòjman ou an, oswa ou te ap viv nan yon kay pandan pifò tan an nan ane anvan Ida. Men konsèy pou ou ekri yon lèt apèl pou desizyon FEMA.
Ou genyen 60 jou pou ou voye Apèl ou an bay FEMA
Pati ki pi enpòtan nan pwosesis fè apèl la se konnen konbyen tan ou genyen pou ou fè yon bagay pou plede dosye ou a. Konte 60 jou depi sou dat FEMA genyen sou lèt desizyon an. Se dat sa pou w antoure nan kalandriye ou pou fè ou sonje se dènye jou pou voye apèl ou pou FEMA. Sonje apre FEMA fin resevwa lèt ou an, ou kapab resevwa yon apèl telefonik oswa yon lèt swivi ki ap mande plis enfòmasyon.
Li Lèt FEMA ak Atansyon Anvan ou Ekri Apèl Ou an
Ou pral bezwen konprann poukisa FEMA te di aplikasyon an pa te "admisib," oswa yo refize asistans ou an, oswa FEMA ap tann pou li pran yon desizyon sou aplikasyon ou an. Souvan, rezon an tou senp tankou dokiman ak enfòmasyon ki manke. Li lèt FEMA depi nan kòmansman rive nan fen pou ede ou konprann kisa ajans lan ap mande ou pou ou fè.
Genyen Ladan li Prèv pou Sipòte Demand Apèl ou an
- Yon kopi lèt FEMA ki di yo refize èd ou an, oswa ajans lan pa pran yon desizyon.
- Lèt Asirans: Konpanyi asirans ou an ta kapab ba ou yon ti pati nan sa ou bezwen pou repare kay ou, ki pa ase pou ede w rete yon lòt kote, petèt pa ase pou ranplase kèk byen ou. Kenbe nan tèt ou FEMA pa ka ba ou yon sibvansyon sou yon bagay konpanyi asirans ou gentan peye pou ou.
- Prèv posesyon: Yon kopi fakti sèvis piblik, yon pèmi kondiktè, yon kredi oswa relve bank, yon dokiman lekòl lokal, yon imatrikilasyon machin oswa yon lèt patwon ou. Tout ka itilize pou pwouve kay oswa lokasyon ki te sibi dega yo se te domisil prensipal ou ap viv. "Prensipal" vle di ou te viv la a pandan pifò tan nan ane a.
- Prèv pwopriyete a: Dokiman Ipotèk oswa asirans; resi taks oswa yon sètifika pwopriyete; resi reparasyon oswa amelyorasyon ki nan dat lwen tankou 2016; oswa yon dokiman jistis. Si dokiman ou yo te pèdi oswa detwi, klike nan www.usa.gov/replace-vital-documents pou plis enfòmasyon sou kòman pou ranplase yo.
- Resi ak estimasyon: Mete dokiman tankou resi reparasyon kay, estimasyon reparasyon, estimasyon kontraktè oswa enfòmasyon ki soti nan konpayi asirans ou an.
Èske ou pa ka fè kontestasyon an ou menm? Fè yon moun ekri li pou ou
- Si ou se aplikan an, men ou pa ka ekri lèt kontestasyon an ou menm, fè yon moun ekri li pou ou. Li te ka yon moun lakay ou, yon zanmi oswa yon avoka. Asire w ou suiv direktiv yo. Di FEMA, nan yon deklarasyon ki siyen,ekriven an otorize pou soumèt apèl la nan non ou. Espesyalis nan Liy Èd FEMA ka ba ou konsèy sou kisa pou w mete nan lèt kontestasyon ou an epi bay enfòmasyon sou anpil lòt sijè ki plis pase kontestasyon.
- Rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362 oswa VRS (Sèvis Relè Videyo). Liy yo louvri soti nan 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou.
Voye Lèt Kontestasyon ou an pa Lapòs, Faks, oswa Telechaje li, Pa Bliye Siyen li epi mete Dat la
- Ou genyen 60 jou apati dat ki nan lèt desizyon FEMA ou an pou voye apèl ou an nan imèl, faks oswa telechaje apèl ou an si ou vle FEMA konsidere premye desizyon li an. Siyen epi mete dat nan apèl ou an. Epi pa bliye mete nimewo nèf-chif demand FEMA ou an sou chak paj, nimewo katastwòf ou an (FEMA-4615-DR-NY), ak dokiman ou kapab montre tankou prèv.
- Lapòs: Sant Sèvis Nasyonal Trètman FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055
- Faks: Pou Atansyon, 800-827-8112: FEMA
- Pou kreye yon kont FEMA anliy oswa telechaje dokiman anliy, ale nan www.DisasterAssistance.gov, klike nan "Verifye Estati" epi swiv direksyon yo
Kisa Ou Kapab Atann Apre ou fin Voye Lèt Apèl ou an
Ou te ekri apèl ou an epi voye li bay FEMA nan 60 jou apre ou te resevwa lèt desizyon yo an. Kisa kounya? Ou dwe resevwa yon apèl telefonik oswa yon lèt FEMA ki ap mande pou plis enfòmasyon. Oswa FEMA dwe pwograme yon lòt enspeksyon residans prensipal ou an. Nan nenpòt ka, depi ou voye apèl ou an bay FEMA, ou kapab atann yon lèt desizyon nan 90 jou apre FEMA fin resevwa li.
Rapè:
- Moun ki pa gen anpil revni ki gen pwoblèm legal akòz siklòn Ida ka rele yon liy gratis pou konsèy: 888-399-5459. Si ou ta renmen pou yon founisè sèvis legal kontakte ou, ranpli yon fòm nan https://nysba.org/ida. Kèk egzanp asistans legal ki disponib gen ladan:
- asistans pou jwenn èd leta
- asistans ak reklamasyon asirans vi, medikal ak pwopriyete
- ede avèk kontra reparasyon kay ak kontraktè yo
- ranplasman testaman ak lòt dokiman legal enpòtan ki pèdi oswa detwi nan katastwòf la
- pwoblèm pwoteksyon konsomatè tankou pri yo monte wo ak evite frod kontraktè nan pwosesis rekonstriksyon an
- konsèy sou pwoblèm ipotèk-sezi
- konsèy sou pwoblèm ant pwopriyetè ak lokatè
- Li enpòtan pou w sonje asistans FEMA pa yon ranplasan asirans e li pa ka konpanse pou tout pèt ki te koze pa yon dezas; li gen entansyon satisfè bezwen debaz yo ak konplete efò rekiperasyon pou katastwòf yo.
- Men kijan pou aplike pou asistans FEMA: Ale sou DisasterAssistance.gov , itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362 (VRS). Liy yo louvri sèt jou chak semèn, soti 8 a.m. pou rive 7 p.m. epi kapab konekte w ak yon espesyalis ki pale lang ou.
- Si w ap itilize yon sèvis relè VRS (sèvis relè videyo), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.
- Ou ka vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas tou epi rankontre fas-a-fas ak anplwaye FEMA ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans leta ki ka bay enfòmasyon sou asistans pou katastwòf. Pou jwenn yon sant retablisman pre ou, vizite DRC Locator (fema.gov).
- Dat limit pou aplike pou asistans FEMA pou katastwòf la se Lendi 6 desanm.
- Pou plis resous anliy, ak depliyan FEMA ak lòt èd ou kapab telechaje, vizite www.disasterassistance.gov epi klike sou "Enfòmasyon.”"
- Pou referans nan ajans ki sipòte bezwen kominote-espesifik, rele 211 oswa vizite https://www.211nys.org/contact-us. Pou rezidan Vil New York, rele 311..
- Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon ki ap fèt nan kad Siklòn Ida an, vizite www.fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 epi www.facebook.com/fema.