Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

Non. Men, yo ka peye pou kalite depans pou bèt domestik ki fòme pou sèvis sa yo:

  • Depans veterinè pou blesi katastwòf la lakoz.
  • Pri ranplasman ak/oswa antrennman yon lòt bèt domestik ki drese pou sèvis
  • Aparèy ki pèdi oubyen andomaje (tankou kòd nan kou espesyal, selaj, oswa jile).

*Yo ap mande dokimantasyon adisyonèl tankou deklarasyon ekri nan men kandida a oswa dezyèm candida a ak nan men doktè pou yo ka verifye pèt oswa blesi bèt domestik drese pou sèvis la.

Wi. Ou ap bezwen bay sa yo:

  • Yon ranbousman asirans oswa lèt refi oswa yon atestasyon ekri epi siyen ki eksplike ou pa genyen asirans medikal oubyen dantè.
  • Prèv depans lan te fèt akoz katastwòf la (tankou atestasyon medikal, elatrye).
  • Bil ki gen lis, resi, oswa estimasyon ki montre depans medikal oswa dantè.

Wi.

  • Nouvo medikaman yo preskri kib gen rapò ak blesi oswa maladi katastwòf la lakoz (oubyen rann pi mal) se yon depans elijib.
  • Ranplasman pou medikaman yo preskri ki pèdi oswa andomaje pandan katastwòf la.

Yon depans medikal oswa dantè elijib dwe rive akoz katastwòf la. Depans elijib yo ka gen rapò ak:

  • Blesi oswa maladi katastwòf la lakoz
  • Yon blesi, yon domajman oswa yon kondisyon medikal ki te egziste deja ki vin pi mal akoz katastwòf la.
  • Ranplasman pou medikaman doktè preskri w.
  • Pèt oswa domajman aparèy medikal/dantè oswa machin modifye pou egzijans medikal.
  • Pèt oswa blesi yon bèt fòme espesyalman pou sèvis.

Kandida ki fè depans medikal ak dantè ki gen rapò ak katastwòf ki san asirans oswa ki pa gen ase asirans. Ou kapab elijib si:

  • Depans medikal oswa dantè ou fè a se te direkteman akoz katastwòf la.
  • Ou pa gen asirans oswa ou pa gen ase asirans pou depans medikal oswa dantè a

*Depans ki gen asirans oswa lòt sous yo pa elijib pou ranbousman FEMA

Si kay ou wa pa yon konte moun ka viv akoz katastwòf la epi ou te oblije deplase efè pèsonèl ou nan yon lòt kay oswa yon etablisman estokaj pou pwoteje yo kont domajman, FEMA kapab ede w peye pou depans demenajman ak/oswa estokaj ou yo.

Yo kapab bay asistans pou emenajman ak estokaj pou:

  • Depans pou travay deplasman endistriyèl
  • Frè lwaye pou kamyon demenajman
  • Gaz pou machin ou lwe a
  • Depans pou tep ak bwat
  • Frè pou estokaj endistriyèl, tankou estokaj pèsonèl
  • Taks sou lavant ki asosye ak sa

FEMA ka bay asistans finansyè pou ede kouvri depans demenajman w ak/oswa estokaj pou ou.

Si ou te ranpli aplikasyon pou asistans ak katastwòf FEMA a, yo ap konsidere w pou Asistans ebèjman Tranzitwa a (TSA) si gouvènman eta, teritwa, oswa tribi kote w rete a aprouve pwogram nan. FEMA ap voye avi ba ou si ou elijib pou pwogram lan.

Kandida yo ka elijib pou Asistans ebèjman Tranzitwa a (TSA) si yo te oblije kite kay yo epi yo pa kabap abite nan kay avan katastwòf la, epi okenn lòt opsyon pou ebèjman tanporè pa fezab oswa pa disponib.

Dènye Mizajou