FEMA nan Lang Pa W

Sitwèb FEMA a ap mete enfòmasyon ak kontni nan lòt lang ki diferan de anglè.

Moun ki sibi katastwòf yo kapab jwenn enfòmasyon sou pwogram asistans katastwòf yo, preparasyon nan ka ijans, aktivite sekou ak retablisman, epi asirans inondasyon. Enfòmasyon sa yo vini sou plizyè fòma epi yo disponib pou moun pataje ak telechaje. Nou ap ajoute lòt resous toujou regilyèman, kidonk tanpri pase vizite souvan.

Graphic
Fanm ak gason ap siyen

Amenajman Rezonab

FEMA bay plizyè sèvis pou satisfè bezwen tout sivivan katastwòf yo tankou tradiksyon, ASL (langaj an siy ameriken), soutit an dirèk, aparèy pou ede moun tande oswa li, dokimantasyon an lang Bray oswa gwo lèt.

Mande Sèvis

FEMA Pale Lang Ou

Nou ofri èd ak enfòmasyon nan lang ou. Rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362:

  • Peze 1 pou Angle
  • Peze 2 pou Panyòl
  • Peze 3 pou lòt lang yo

Konpoze 711 oswa gen sèvis relè videyo disponib.

Gade Resous Nou Bay Yo

Pran ransèyman sou pwogram asistans nan katastwòf ak kritè kalifikasyon pou moun, fanmi, gouvènman eta, lokal, nasyon tribi oswa teritoryal yo ak òganizasyon charite yo.

Telechaje resous miltimedya tankou desen sosyal, feyè, maniskri prezantatè yo, videyo aksesib ak animasyon nan plizyè lang pou ede w pataje enfòmasyon enpòtan sou katastwòf ak lòt moun avan, pandan ak aprè yon katastwòf.

Ale sou FloodSmart.gov pou pran ransèyman sou asirans inondasyon, ris ak pri, ak zòn ak kat jewografik epi ak prepasyon pou katastwòf inondasyon. Ajan yo ka itilize resous pou katastwòf inondasyon plizyè lang pou reyinyon klyan oswa rezo sosyal yo, sitwèb oswa imel maketing yo.

Pataje feyè FEMA a ki rele èd nan katastwòf ak moun nan kominote w pou ede yo konprann kalite asistans FEMA ki petèt disponib pou ede yo reprann yo. Feyè sa a disponib nan 27 lang.

Pran plis ransèyman sou fason pou ede moun ki nan bezwen nan yon katastwòf. Gen anpil fason pou ede tankou bay donasyon kach, bay bagay moun bezwen oswa bay tan w.

Resevwa konsèy debaz sou kijan pou sovgade trezò fanmi ou tankou foto, liv, ak dokiman enpòtan ak papye apre yon katastwòf.

Aplike pou èd ak antèman epi jwenn repons ak kesyon moun poze souvan.

Videyo an Langaj Siy Ameriken

Nou gen videyo an ASL sou seleksyon YouTube ou ki pale sou yon valè sijè ki gen rapò ak prepasyon pou katastwòf ak sekirite.

Gade Tout Seleksyon an sou YouTube

External Link Arrow
Dènye mizajou