Pandan mwa ki sot pase a, Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) lan ak moun ki nan tout peyi a te ini yo pou sipòte kominote ki afekte akoz Siklòn Helene nan. Koumanse sou òganizasyon ki pa la pou fè benefis ak òganizasyon relijye yo, pase sou reprezantan gouvènman an, senp moun ki vle ede ansanm ak sektè prive a, entèvansyon an se te yon efò tout kominote a an jeneral.
Objektif tout moun genyen se pou pèmèt tout moun rive kanpe sou pye yo ankò epi prepare yo pou yo ka reyisi. N ap rete bò kote yo toutotan sa nesesè.
Men kote n soti jiskaske n rive la a.
Ak Estatistik yo
Depì lè nou koumanse efò entèvansyon yo, nou te deplwaye plis pase 5,000 pèsonèl pou sipòte zòn ki afekte yo. Yo te enstale yon pati nan pèsonèl sa yo nan yon seri sant retablisman, ki twouve yo tou pre zòn ki afekte yo. Sant sa yo bay sivivan yo èd an pèsòn pou fè aplikasyon pou asistans pou lè gen katastwòf. Pèsonèl FEMA yo mache fè pòtapòt tou pou reponn kesyon epi pou ede nan pwosesis aplikasyon FEMA a.
Patnè FEMA yo nan nivo etatik, lokal, tribal, ak endistriyèl yo travay ansanm pou rezoud pàn kouran an a 99%. Nou te asire n, moun ki pèdi kay yo rive jwenn abri pwovizwa. Nou te ede plizyè santèn milye moun aplike pou asistans pou lè gen katastwòf.
Ede Sivivan yo
Ede moun se yon pwen ki nan nannan misyon FEMA epi se objektif nou depi premye jou a. Pandan mwa ki sot pase a, FEMA te apwouve plis pase 1,4 milya dola, ki gen ladan l, 883 milyon dola pou ede moun ak fanmi ki afekte yo epi plis pase 523 milyon dola pou wete debri, ak nan aktivite pou sove vi, pwoteje sante piblik ak sekirite epi fè prevansyon kont domaj nan pwopriyete piblik ak prive yo. Fon sa yo ede sivivan yo repare kay yo, ranplase byen pèsonèl yo, jwenn èd pou peye lwaye, satisfè bezwen nan kesyon aksesiblite ak lòt bezwen esansyèl.
Nou te vizite kominote ki afekte yo tou pou n te ede yo ak bezwen inik kèk nan yo genyen. Nan yon ka resan nan Georgia, pèsonèl FEMA yo te travay ak yon fanmi ki te bezwen amenajman rezonab ki pou te pèmèt yo kenbe ekipman medikal pitit gason yo a pwòp. Pèsonèl FEMA yo te ede l nan pwosesis la. Fanmi an te rive jwenn yon pwopriyete pou yo lwe pou sis (6) mwa epi fon li te resevwa nan men FEMA a te sèvi pou peye pri a.
Travay bò kote yon seri òganizasyon
Retablisman an pa fèt san patnè nou yo Òganizasyon ki pa la pou fè benefis yo ak gwoup kominotè yo te mete tèt yo ansanm pou ede kominote ki te afekte yo. Yo te bay anpil pla cho, pataje resous sou kote pou moun jwenn sipò emosyonèl ak ede nan wete debri sou wout yo.
Travay ak lòt ajans gouvènman yo
Tout fòs gouvènman an te mobilize pou reponn ak siklòn Helene nan epi bay sipò esansyèl. Dirijan yo te met pye yo atè pou evalye dega yo epi pou tande sivivan yo. Kit se repare wout ki te andomaje yo oswa ede moun ranplase lisans pou kondui ki andomaje, patnè gouvènmantal nou yo jwe yon wòl esansyèl nan efò k ap fèt pou retablisman an.
Jwenn plis enfòmasyon
Visite Hurricane Helene oswa swiv nou sou rezo sosyal pou dènye enfòmasyon sou retablisman apre Siklòn Helene nan.
Ou vle kontribye nan efò k ap fèt pou bay asistans yo? Visite FEMA Blog pou plis enfòmasyon sou fason pou ede sivivan yo.