Sant Rekiperasyon pou Katastwòf nan Florid anonse Fèmti Jou Ferye yo

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-002
Release Date:
December 21, 2022

BRANDON, Fla. – Pifò Sant Rekiperasyon pou Katastwòf yo pral fèmen Vandredi 23 Desanm jiska Lendi 26 Desanm 2022. Sant yo ap fèmen tou Vandredi 30 Desanm 2022 jiska Lendi 2 Janvye 2023, ak kat eksepsyon sa yo:

Konte Brevard nan Agricultural Center, 3695 Lake Dr, Cocoa, ap fèmen 23 – 26 Desanm 2022 ak 30 Desanm 2022 – 2 Janvye 2023.

Konte DeSoto nan Brewer Sports Park, 1365 SE Hargrave Street, Arcadia, ap fèmen 24 - 26 Desanm 2022, ak 31 Desanm 2022, - 2 Janvye 2023.

Konte Sarasota nan Shannon Staub Library, 4675 Career Lane, North Port, ap fèmen 23 Desanm - 26 Desanm 2022, ak 31 Desanm 2022 - 2 Janvye 2023.

Konte Palm Beach nan Hagen Ranch Road Library, 14350 Hagen Ranch Road, Delray Beach, ap fèmen
23 Desanm - 27 Desanm 2022, ak 30 Desanm 2022 - 2 Janvye 2023.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S.Small Business Administration disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.

Gen plizyè Sant Rekiperasyon apre Katastwòf k ap fonksyone nan tout zòn ki afekte a. Pou jwenn yon sant ki toupre w, ale sou Entènè sous: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa voye tèks DRC ansanm ak kòd postal ou a nan 43362.

Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Sivivan yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. ET. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou ou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou ou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info and fema.gov/disaster/4673. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

###

Tags:
Dènye mizajou