Kisa pou w Pote nan yon San Apèl

Release Date:
December 30, 2020

Apre yon sivivan fin anrejistre nan FEMA pou asistans dezas, yo pral resevwa yon lèt detèminasyon ki eksplike desizyon kalifikasyon an. Pou moun ki pa kalifye oswa pa satisfè avèk kalifikasyon yo, lèt la eksplike pwosesis pou fè apèl kont desizyon sa a. Sant apèl yo chita nan Sant Rekiperasyon Dezas yo pou ede sivivan ki afekte nan Siklòn Laura ak Delta yo.

Li enpòtan pou w li lèt detèminasyon an byen pou w idantifye rezon pou desizyon an.  Men kèk nan rezon ki komen yo: 

 

  • Aplikasyon w pa konplè.
  • Dokiman sipò yo manke
  • FEMA te eseye kontakte w epi yo paka jwenn ou.

Sant Apèl sa yo gen yon biwo deyò kote yo ka pratike distans sosyal pandan y ap pale sou pwosesis apèl la.

 

Fè Apèl kont Desizyon FEMA

Si w santi valè oswa kalite asistans la pa kòrèk, ou ka vizite nenpòt Sant Apèl epi pèsonèl FEMA yo pral ede w soumèt yon lèt siyen ki eksplike poukisa ou kwè desizyon FEMA pa kòrèk.  Ou dwe enkli kopi dokiman ki sipòte apèl ou a nan lèt ou a, enkli prèv sa w pèdi nan dezas la.

Anplis dokiman ki anwo a, ou ka pote sa ki annapre yo:

  • Prèv non konplè w, dat nesans ak adrès aktyèl ou (yon kopi lisans chofè oswa bòdwo sèvis piblik ap bon tou).
  • Nèf nimewo enskripsyon FEMA w.
  • Nimewo deklarasyon FEMA pou dezas sa a (DR-4559- Laura oswa DR-4570- Delta).
  • Dokiman asirans. Bay dokiman ki soti nan konpayi asirans ou ki montre pwoteksyon oswa règleman yo pa sifi pou fè reparasyon ki esansyèl nan kay la, bay yon koto pou w rete, oswa ranplase sèten kontni. FEMA paka kopye avantaj asirans lwaye oswa pwopriyete men li ka apwouve asistans si pwopriyete w pa asire oswa manke asire.
  • Bay dokiman ki pwouve domaj ki nan kay la oswa lokasyon an te rezidans prensipal ou, tankou bòdwo sèvis piblik, lisans chofè oswa kontra lwaye.
  • Bay dokiman tankou ipotèk, resi enpo oswa papye kay.  Si w pa gen yon papye kay, ou ka jwen yon kopi nan biwo konte kote pwopriyete w la ye.

 

Pou w sipòte apèl ou pi byen, dokiman ou ka gen ladann:

  • Estimasyon kontraktè pou reparasyon kay ki gen rapò ak siklòn yo.
  • Resi pou reparasyon, ranplasman ak netwayaj.
  • Lòt prèv pèt ou fè nan dezas la, tankou foto domaj nan kay ou ak evalyasyon ak foto mèb ak lòt pwopriyete.

 

Ki kote Sant Apèl/DRC yo ye?

Lake Charles Civic Center

900 Lake Shore Dr.

Lake Charles, LA 70601

 

Brown Memorial Park

1212 E Pont Des Mouton Rd

Lafayette, LA 70507

 

Yo pa bezwen pran randevou, Sant yo ouvè Lendi a Vandredi 8 a.m. a 5 p.m., Samdi 10 a.m. a 3 p.m., fèmen Dimanch.

Si w pa kapab vizite yon Sant Apèl/DRC, ou ka voye  dokiman yo bezwen yo dirèkteman pa faks oswa nan lapòs:

FEMA National Processing Service Center

P. O. Box 10055 Hyattsville, MD 20782-7055

 

Faks: 800-827-8112; Atansyon: FEMA

 

Asire pou w enkli lèt ou te resevwa nan FEMA lè ou te soumè domiman sa yo.

Yo ka kontakte Liy Dirèk FEMA nan 800-621-3362. Si w itilize TTY, ou ka rele 800-462-7585; moun ki itilize yon sèvis relè tankou telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel dwe mete FEMA ajou ak nimewo yo asiyen pou sèvis sa a. Liy telefòn yo opere de 7 a.m. a 10 p.m. sèt jou pa semèn.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559. Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570. Swiv kont Twitter Region 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou