Prepare w: Defini Tèm Preparasyon kle yo

Dezas tankou inondasyon, siklòn, tònad ak kèk evènman moun lakoz kapab kreye ijans piblik isit la nan Louisiana. Prepare pou evènman sa yo se responsablite tout moun.

Preparasyon se kle ki pi enpòtan pou w siviv.  Li enpòtan pou moun, fanmi ak tout kominote a prepare pou reponn, kèlkeswa sitiyasyon an. Se poutèt sa li enpòtan anpil pou w pran tan pou planifye ak prepare lontan anvan dezas la rive. Aprann tèm ijans pou dezas se yon bon fason pou w prepare ak pou w sove lavi w ak lavi moun ou renmen yo.

Gid sa a itil pou idantifye risk ki gen plis chans pou rive nan eta a, bay enfòmasyon sou  abri, wout evakyasyon, yon lis detaye sou apwovizyonman ou ka bezwen ak plis bagay toujou. Ou ka wè gid la isit la: Louisiana Emergency Preparedness Guide epi prepare w.

Tèm Komen yo Itilize pou Preparasyon:

(SANT OPERASYON IJANS PAWASYAL) PARISH EMERGENCY OPERATIONS CENTER (EOC):

Etablisman ki koòdone tout repons ijans ak aktivite rekiperasyon pou pawas la pandan ijans yo deklare yo.

(SISTÈM AVÈTISMAN IJANS) EMERGENCY ALERT SYSTEM (EAS):

Yon sistèm dijital dènye modèl ki deziyen pou bay enfòmasyon ijans ak enstriksyon ki soti nan men otorite federal ak leta yo. Sistèm nan kominite ak sistèm televizyon kabla ansanm ak emisyon radio ak estasyon televizyon yo.  Lè li aktive, li bay dènye enfòmasyon sou tanperati, kondisyon wout, evakyasyon, kote ki gen abri ak enfòmasyon kote pou w re-antre.

LÒD EVAKYASYON:

Enstriksyon ki pi enpòtan ou pral resevwa nan men ofisye gouvènman lokal yo.  Lè li apwopriye Plan Evakyasyon Eta  Louisiana antre an aplikasyon.  Plan sa a ka mande, depann de enpak yo predi a, evakyasyon kote ki pi vilnerab yo.

INONDASYON RAPID:

Yon inondasyon ki rive nan kèlke èdtan (souvan nan mwens pase sis èdtan) apre anpil lapli fin tonbe oswa baraj kraze oswa.

TANPÈT MONTE:

Lanmè monte nan rivaj la ki vin devlope yon tanpèt (jeneralman yon sikòn) ki pase sou lanmè a.

DIREKSYON TANPÈT:

Wout yon zòn ki gen ti presyon (silòn, tònad, tanpèt) swiv.

AVÈTISMAN:

Yon avètisman yo pibliye lè gen yon move tan patikilye oswa danje inondasyon ki gen pou vini oswa gentan kòmanse (tankou avètisman pou tònad oswa avètisman pou inondasyon rapid). Yon avètisman yo bay lè kondisyon an poze yon menas pou lavi oswa pwopriyete.

GADE:

Previzyon alavans pou alète piblik la sou posiblite danje ki gen rapò ak move tan (tònad, inondasyon rapid). Li gen entansyon pou bay ase tan pou moun ki bezwen mete plan yo an aksyon kapab fè sa.

Pou w aprann plis sou preparasyon dezas ak ijans vizite sitwèb Get A Game Plan nan getagameplan.org.

Pou tout dènye enfòmasyon sou Siklòn, vizite Louisiana Hurricane Laura (DR-4559-LA). Pou tout dènye enfòmasyon sou Sikjlòn Delta, vizite Louisiana Hurricane Delta (DR-4570-LA). Pou tout dènye enfòmasyon sou Siklòn Zeta, vizite Louisiana Hurricane Zeta (DR-4577-LA). Swiv kont Twitter FEMA Region 6 la nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou