Kijan pou Aplike
Kimoun ki Kalifye
Kijan yo resevwa lajan yo
Resous Adisyonèl
Pandemi COVID-19 lan te pote gwo chagren lakay anpil fanmi. Nan FEMA, misyon nou se pou ede anvan, pandan ak apre katastwòf yo. Nou angaje pou ede soulaje kèk nan estrès finansye ak fado viris la koze.
Daprè Lwa 2021 sou Apwopriyasyon Repons Sekou Siplemantè Kowonaviris
[Coronavirus Response and Relief Supplemental Appropriations] ak Lwa 2021 sou Plan Sekou Ameriken, FEMA ap bay asistans finansye pou depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 ki te fèt apre 20 Janvye 2020.
Kijan pou Aplike
Nimewo Liy Asistans Fineray COVID-19
Aplikasyon yo ap kòmanse nan dat 12 Avril 2021
844-684-6333 | TTY: 800-462-7585
Èdtan Fonksyonman:
Lendi - Vandredi
9 a.m. rive 9 p.m. Lè nan Lès
Rele nimewo telefòn gratis angaje sa a pou jwenn yon aplikasyon pou Asistans Fineray COVID-19 reprezantan FEMA yo ap ede nan ranpli aplikasyon an. Sèvis nan plizyè lang ap disponib.
Jwenn repons pou kesyon yo poze souvan yo osijè pwosesis aplikasyon an sou paj Kesyon Yo Poze Souvan pou Asistans Fineray.
Avètisman pou Fwod: Nou te resevwa rapò sou malonèt yo kap kontake moun pou ofri yo asistans pou fineray. FEMA pa voye okenn notifikasyon konsa e nou pa kontakte okenn moun anvan yo enskri pou asistans.
Aprann Plis
Kilès ki Kalifye?
Pou w elijib pou asistans fineray, ou dwe satisfè kondisyon sa yo:
- Lanmò a dwe fèt nan Etazini, sa ki gen ladan teritwa Ameriken, ak Distri Columbia.
- Sètifika lanmò a dwe endike ke lanmò a te atribye avèk COVID-19.
- Aplikan an dwe yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa sitwayen, oswa etranje kalifye ki angaje depans finèb apre 20 Janvye 2020.
- Li pa obligatwa pou moun ki mouri a te yon sitwayen Ameriken, yon sitwayen ki pa ameriken, oswa etranje ki pa kalifye.
Si ou te gen depans finèb ki gen rapò avèk COVID-19, nou ankouraje w pou kenbe ak rasanble dokimantasyon. Kalite enfòmasyon an ta dwe gen ladan:
- Yon sètifika ofisyèl lanmò ki atribye lanmò a dirèkteman oswa endirèkteman avèk COVID-19 epi montre ke lanmò a te rive nan Etazini, enkli teritwa Ameriken yo, ak Distri Columbia.
- Dokiman ki gen rapò avèk depans pou fineray (resi, kontra mezon finèb, elatriye.) sa ki gen ladan non aplikan an, non moun ki mouri a, kantite lajan pou depans fineray la, ak dat depans fineray la te fèt.
- Prèv lajan ou te resevwa nan lòt sous yo spesifikman pou itilize nan depans fineray. Nou pa anmezi pou double benefis out e resevwa nan antèman oswa asirans fineray, asistans finansye ou te resevwa nan men ajans volontè, ajans gouvènman, oswa lòt sous yo.
Kijan yo resevwa Fon yo
Si ou elijib pou asistans fineray ou pral resevwa yon chèk pa lapòs, oswa lajan pa depo dirèk, depannde ki opsyon ou chwazi lè wap aplike pou asistans.