De Semèn Rete Pou Aplike pou Asistans Siklòn Ida

Release Date Release Number
NR-021
Release Date:
November 15, 2021

BATON ROUGE, La. – Sivivan Siklòn Ida yo toujou gen de semèn ki rete pou aplike pou asistans endividyèl nan men FEMA.. Dat limit pou aplike a se lendi 29 novanm.

Asistans FEMA bay pou moun ak fanmi ki afekte nan Siklòn Ida yo kapab kouvri èd pou lwaye, lojman tanporè, reparasyon kay, pèt pwopriyete pèsonèl ak lòt bezwen ki gen rapò ak katastwòf ke asirans pa kouvri.

Fason ki pi fasil pou aplike pou asistans FEMA a se sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa nan telefòn nan 800-621-3362 oubyen (TTY) 800-462-7585. Nimewo telefòn yo fonksyone apati 6 a.m. rive 12 p.m., sèt jou pa semèn. Moun ki sinistre yo kapab vizite yon sant rekiperasyon pou katastwòf pou yo aplike ak rankontre an pèsòn avèk espesyalis FEMA yo. Pou jwenn yon sant, tcheke aplikasyon FEMA a oswa vizite li fema.gov/DRCLocator.

29 novanm se dènye dat limit pou aplike pou yon prè pou katastwòf Administrasyon ti Biznis Etazini an tou. Reprezantan SBA yo disponib nan sant rekiperasyon pou katastwòf la. Biznis ak rezidan yo ka vizite sba.gov/disaster-assistance tout, rele sant sèvis kliyan SBA a nan 800-659-2955 (TTY) 800-877-8339, oswa imèl disastercustomerservice@sba.gov pou enfòmasyon oswa pou aplike.

Tout moun ki bezwen yon lojmanapwopriye (entèpretasyon ASL, Bray, gwo ekriti, elatriye) dwe rele nan 800-621-3362 pou ou mande èd bonè oswa mande ekip retablisman yo nan sant pou èd la. Tout sant DRC yo ap pran prekosyon pou COVID-19. Nou mande pou tout vizitè, anplwaye ak volontè mete mask.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou