Ou te Mande: Mwen se yon lokatè, èske m kapab jwenn èd FEMA?

Release Date:
September 5, 2021

Lokatè ki nan 25 Pawas Louisiana* yo vize pou yo ba yo Èd Pèsonèl ki viktim dega, pèt oswa ki pa kapab viv nan kay yo apre Siklòn Ida yo, kalifye pou yo kapab jwenn èd FEMA ak U.S Small Business Administration (SBA).

Kesyon: Mwen se yon lokatè; èske mwen kapab aplike pou yon èd ak FEMA?

Repons: Wi, lokatè yo kapab aplike pou èd katastwòf ak FEMA. Si ou gen asirans lwaye, ou ta kapab kontakte konpayi asirans lwaye ou an pou depoze yon reklamasyon. Si ou gen asirans, ou dwe founi enfòmasyon asirans yo ki kapab genyen ladan li yon paj deklarasyon, yon règleman oswa yon refi.

Kesyon:  Tankou lokatè, ki tip èd mwen ta kapab kalifye pou li?

Repons: Èd yo kapab disponib pou lwe oswa peye yon espas pou viv pandan yon tan limite pandan yo ap fè reparasyon kay ou lwe a oswa jiskaske li vivab. Yo kapab itilize sibvansyon lwaye an pou yon depo garanti, lwaye ak depans esansyèl, tankou gaz ak dlo. Sibvansyon yo pa ka itilize pou peye chèn televizyon ak entènèt.

Kesyon: Èske mwen kapab itilize sibvansyon èd lwaye mwen an pou mwen rete nan yon lotèl/motèl?

Repons: Èd yo kapab itilize pou ou rete nan yon lòt espas tanporè pou viv, tankou lotèl/motèl. Sibvansyon èd pou lwaye egal ak Fair Market Rent (FMR) pou zòn kote rezidans prensipal la ye.

Kesyon: Mwen rete nan yon lotèl depi lè a epi se mwen menm ki te ap peye li, èske yo ap remèt mwen kòb sa?

Repons:  Ou kapab genyen dwa pou yo remèt ou depans ou fè pou lojman si yon avantaj asirans pa kouvri depans diplis pou ou viv yo oswa pou pèt ou fè oswa si ou resevwa èd nan yon lòt sous tankou yon òganizasyon benevòl. Depans ki kalifye yo kapab depans pou yon chanm ak taks yon lotèl enpoze w oswa yon lòt founisè lojman.

Kesyon: Mwen te tande pale sou yon pwogram yo rele Asistans Lojman Tanporèl (Transitional Sheltering Assistance, TSA), èske se menm ak èd lwaye a?

Repons: TSA se yon pwogram FEMA ki la pou katastwòf. Li pèmèt pou yon tan, yon lojman pou yon dire tou kout nan yon lotèl/motèl ki ap patisipe nan pwogram lan, FEMA peye dirèk. Sinistre yo pa dwe mande TSA. FEMA pral kontakte sa ki kalifye yo pou pale sou kalifikasyon yo. 

Kesyon: Pwopriyete pèsonèl mwen an pran frap, èske gen yon èd finansyè disponib pou pèt mwen yo?

Repons: Genyen yon èd tou pou sinistre kalifye yo, tankou lokatè yo ki pa genyen asirans ak asirans sou depans endispansab yo ak bezwen enpòtan yo Siklòn Ida lakòz.

Lokatè yo kapab kalifye tou pou èd pou pwopriyete pèsonèl esansyèl yo ak lòt depans pou katastwòf yo. Yo kapab gen ladan yo ranplasman oswa reparasyon byen pèsonèl nesesè yo, tankou mèb, aparèy domestik, rad, liv ak materyèl lekòl; ranplasman ak reparasyon ekipman travay; reparasyon machin; ak depans pou swen medikal/dan.

Kesyon: Èske mwen ta dwe remèt FEMA peye yo?

Repons: Non. Sibvansyon yo pa prè, epi yo pa dwe remèt yo. Yo pa yon revni fiskal epi yo p ap afekte sou kalifikasyon pou Sekirite Sosyal, Medicare, Medicaid oswa avantaj Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè a (Supplemental Nutrition Assistance Program SNAP).

Kesyon: Kòman pou m aplike pou asistans FEMA an?

Repons: Moun sinistre nan youn nan pawas yo chwazi pou Asistans Endividyèl yo kapab aplike ak FEMA pou asistans, anliy nanwww.disasterassistance.gov oswa nan telefòn nan 1-800-621-3362, TTY 1-800-462-7585, oswa si ou ap itilize yon sèvis transmisyon tankou videophone InnoCaption, oswa CapTel, bay FEMA nimewo sèvis la.

*Pou DR-4611-LA, 25 Pawas yo chwazi pou TSA : Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge ak West Feliciana.

 

Tags:
Dènye mizajou