FEMA Reponn ak Bezwen Debaz pou yon Kay kapab vin Abitab

Release Date:
December 7, 2021

Sivivan New Jersey ki gen kay ki te sibi domaj nan inondasyon rès Siklòn Ida a te lakòz yo epi ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans, ka elijib pou yo resevwa èd nan FEMA pou yo repare kay yo nan yon kondisyon ki an sekirite, sanitè ak fonksyonèl.

FEMA Ka Bay Ed

  • Ed FEMA a pa tankou lè w gen yon asirans ni li pa ka rann moun ki sinistre a ann antye. Èd federal FEMA a founi sèlman bezwen debaz ki nesesè pou rann yon kay abitab - tankou twalèt, yon twati, sèvis ki pi enpòtan yo, fenèt ak pòt. Kòm egzanp bagay ki pa kalifye yo nou ka pran plaka ak kloti ki pa esansyèl yo.
  • Se katastwòf la ki dwe koze dega ki fèt nan kay la. Nou dwe fè enspeksyon nan kay la pou nou kalkile ak evalye pèt yo. N ap bay èd pou fè reparasyon nan kay la selon kalite rezidans lan ak repons kandida a bay pandan n ap fè enspeksyon an pou nou detèmine ki kantite dega kay la sibi.
  • Yon kay ki an sekirite, sanitè ak fonksyonèl respekte kondisyon sa yo:
    • Pati deyò a gen yon estrikti ki solid, tankou pòt, twati ak fenèt yo.
    • Sistèm kouran, gaz, chofaj, plonbri ak tou rego ak fòs twalèt yo fonksyone kòmsadwa.
    • Zòn anndan kay la, kote moun abite yo, estriktirèlman solid, li gen ladan l plafon an ak planche yo.
    • Yo kapab itilize kay la pou sa yo te fèl la.
    • Gen aksè ki san danje pou ale nan kay la epi gen aksè ki san danje pou soti nan kay la.
  • Kalkil FEMA pou evalye pèt yo varye paske sitiyasyon chak kandida diferan. Depans pou reparasyon ki pi plis pase kondisyon pou fè yon kay san danje, pwòp epi fonksyonèl yo pa kalifye.

Egzanp

  • Aparèy: FFEMA ka ede nou ranplase oswa repare frijidè ak recho ki kraze nan moman katastwòf la. Atik ki pa esansyèl tankou sistèm lavaj veso ak ekipman son ak imaj yo pa p kouvri.
  • Dega nan Plafon oswa Twati: FEMA kapab ede w repare twou katastwòf la fè nan twati yo ki lakòz dega nan plafon epi ki menase pati elektrik tankou limyè anlè yo. Depans pou repare ti tach ki se rezilta twati koule pa ranbousab.
  • Sòl: FEMA kapab bay èd finansyè pou repare sousòl nan pati ki gen moun nan kay la ki te sibi dega nan moman katastwòf la.
  • Fenèt: FEMA kapab bay èd finasyè pou repare fenèt ki kraze nan moman katastwòf la, men li p ap repare pèsyèn yo ak rido yo.

Detèmine si Kay la Abitab

  • FEMA itilize plizyè metòd pou l verifye si yon kay abitab, pa egzanp, nou fè enspeksyon adistans ak sou plas. Tip verifikasyon nou fè pi souvan an se yon enspeksyon sou plas.
  • FEMA bay direktiv espesifik ke enspektè yo dwe swiv pandan enspeksyon sou plas la pou yo evalye nan ki nivo yon kay abitab. Enspektè FEMA yo anrejistre dega yo wè yo ansanm ak enfòmasyon kandida a bay yo, men yo pa detèmine si kandida a kalifye pou l resevwa èd pou katastwòf.
  • Yon enspektè FEMA pral vizite kay la pou l evalye ki kantite dega katastwòf la fè nan rezidans kandida a ak sou pwopriyete pèsonèl li yo—tankou mèb, aparèy, machin ak ekipman esansyèl pou bezwen chak jou nan kay la.
  • Enspektè FEMA a kapab fè foto dega yo pou l ka ede nou prepare prèv pèt katastwòf la pwovoke ki fè kandida a pa ka abite nan kay la, paske l vin pa an sekirite oswa l pa ka antre ladan l. Men, enspektè FEMA yo p ap enspekte fizikman zòn ki pa an sekirite pou antre ladan yo. Akòz COVID la, enspektè FEMA yo p ap antre anndan kay la. Yo fè enspeksyon deyò kay la sèlman.
  • Pou pwopriyetè kay yo, abitabilite a baze sou tout dega yo anrejistre ke katastwòf la fè.
  • Pou lokatè yo, detèminasyon abitabilite a baze sou dega katastwòf la te pwovoke, ki poko repare nan moman enspeksyon an. Lokatè yo pa responsab pou yo fè reparasyon nan kay ki kraze a, kidonk si reparasyon yo te fèt oswa yo ap fèt, enspektè a pral note nan ki kondisyon yo jwenn kay la nan moman enspeksyon an.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 2 nan twitter.com/FEMAregion2.

Tags:
Dènye mizajou