FEMA kontinye pwograme fowòm piblik ouvè atravè Sidwès Florid nan misyon li pou enfòme sivivan siklòn yo sou pwogram rekiperasyon leta ak federal ki disponib yo. Pandan twa mwa ki sot pase yo, FEMA te sipòte plis pase 100 reyinyon kominotè atravè yon zòn 20 konte kote Ekspè nan Domèn lan te disponib pou diskite sou pwogram yo, inisyativ eta a, asistans pou katastwòf, resous kominotè, ak mizajou yo. Evènman piblik sa yo se yon fason pou moun yo aprann plis sou fason pou yo pi byen prepare pou pwochen tanpèt la, resevwa repons pou kesyon konsènan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an (National Flood Insurance Program), epi elimine konfizyon ki genyen sou retire debri tanpèt yo nan pwopriyete pèsonèl yo.