Sipò Federal pou Rekiperasyon Siklòn Ian totalize $5.2 milya dola

Release Date Release Number
DR-4673/4680-FL NR-079
Release Date:
January 20, 2023

LAKE MARY, Fla. – Mwens pase kat mwa apre deklarasyon gwo katastwòf pou Siklòn Ian, Administrasyon Biden-Harris la te bay $5.2 milya nan asistans finansye, prè pou katastwòf ak asirans inondasyon pou Floridyen yo.

Efò sa yo te sipòte pa plis pase 4,000 sekouris nan FEMA ak lòt ajans federal ki te  prezan depi lè tanpèt la.

Bay lojman ki an sekirite, sanitè ak sekirite se yon priyorite pou FEMA. Ajans la te loje 100 fanmi nan inite lojman manifaktire ak karavan, epi 182 inite yo ap prepare pou moun vin abite. Enspeksyon sit yo te acheve pou 1,235 inite siplemantè. Lojman Tanporè Dirèk FEMA ka disponib pou jiska 18 mwa pou sivivan ki elijib yo.

Anplis de sa, plis pase 1,300 fwaye ki gen 3,200 manm kounye a rete nan otèl tanporèman sou depans FEMA pandan y ap chèche lòt lojman. Anvan sa, 3,100 fwaye te patisipe nan sejou otèl anba pwogram Tranzisyon Abri FEMA a epi yo te jwenn lòt lojman.

"Sa a te yon efò ekstraòdinè," Ofisye Kowòdinasyon Federal Tom McCool te di. “N ap travay kole kole ak Divizyon Jesyon Ijans nan Florid nan misyon abri yo. Nou konnen ki jan moun ap soufri anpil e sa pote yon sans ijans nan misyon nou an. Nou ap la jiskaske misyon an fini.”

Asistans federal pou Florid gen ladann:

  • $906 milyon dola èd FEMA bay a 372,000 moun ak fwaye, ki gen ladan $566 milyon dola pou lokasyon lojman tanporè ak reparasyon debaz kay ki andomaje
  • $1.5 milya nan prè pou katastwòf ke Administrasyon Ti Biznis Ozetazini (U.S. Small Business Administration) bay
  • $2.3 milya peman Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program) bay moun ki gen kontra yo
  • $504 milyon dola nan Asistans Piblik FEMA pou ranbouse depans lokal ak eta a pou repons ijans ak retire debri

Pou rankontre sivivan yo kote yo ye a, FEMA ap administre 18 Sant Rekiperasyon Dezas nan kominote yo ki afekte nan siklòn Ian la. Plis pase 118,000 moun te vizite sant sa yo ak 20 lòt ki te fonksyone pou ede rekiperasyon sivivan yo nan tanpèt la. Yon lòt sant nan Dunbar ouvè Samdi.

Ekip Asistans Sivivan Katastwòf FEMA yo te vizite 345,000 kay e yo te kominike avèk 153,000 moun pou ede yo aplike pou asistans.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre siklòn Ian ak Nicole, vizite floridadisaster.org/info ak fema.gov. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou