Dat limit pou aplike pou Asistans Siklòn Ian se 12 Janvye

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-076
Release Date:
January 11, 2023

LAKE MARY, Fla. - Sivivan Siklòn Ian yo gen sèlman yon jou ki rete pou aplike pou asistans pou katastwòf ak FEMA epi aplike pou yon prè pou katastwòf ak enterè ki ba nan Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA).

Aplikasyon yo dwe resevwa anvan 11:59 p.m. ET Jedi, 12 Janvye 2023, pou ke yo ka konsidere pou asistans

Enfòmasyon sou aplikasyon ak katastwòf toujou disponib lè w rele liy asistans FEMA a, ale sou Entènèt, oswa lè w itilize aplikasyon mobil FEMA, oswa vizite yon sant rekiperasyon pou katastwòf nan jan sa a:

  • Rele nan: 800-621-3362 Nimewo gratis yo louvri chak jou soti 7 a.m. rive 11 p.m. ET sèt jou pa semèn. Èd la disponib nan pifò lang.
  • Ale sou entènèt nan: DisasterAssistance.gov
  • Telechaje FEMA App la.
  • Vizite yon sant. Pou jwenn yonn tou pre a, ale sou entènèt nan: DRC Locator.

Fen peryòd aplikasyon an pa vle di FEMA ap kanpe. Ajans la pral kontinye travay ak eta Florid pou ede sivivan yo ak kominote yo nan efò rekonstriksyon ak rekiperasyon alontèm yo.

Depi w fin anrejistre, li enpòtan pou w rete an kontak ak FEMA pou w swiv aplikasyon w lan oswa pou w fè ajans la konnen chanjman ki fèt nan adrès postal oswa imèl ou oswa nan nimewo telefòn ou yo, epi pou w rapòte règleman asirans, bezwen kontinyèl ki pa satisfè oswa lòt domaj ou ka petèt dekouvri.

Anplwaye FEMA ka kontakte w pou plizyè rezon, tankou pou diskite sou ka w la oswa pou mande plis enfòmasyon. Reponn apèl sa yo pou asire w ke pwosesis aplikasyon w lan ap kontinye. Si w gen nenpòt dout lè w ap resevwa yon apèl nan men yon moun ki fè konnen li travay pou FEMA, pa bay okenn enfòmasyon, men rele 800-621-3362 ant 7 a.m. ak 11 p.m. ET pou verifye si apèl la lejitim.

SBA ede biznis, òganizasyon prive san bi likratif, pwopriyetè kay ak lokatè finanse reparasyon oswa efò rekonstwiksyon epi kouvri depans pou ranplase pwopriyete pèsonèl ki pèdi oswa ki andomaje nan katastwòf la. Pou aplike pou yon prè pou katastwòf ak enterè ki ba anvan dat limit 12 Janvye a, ranpli yon aplikasyon sou entènèt nan disasterloan.sba.gov/ela/. Pou kontakte yon Reprezantan Sèvis Kliyan SBA dirèkteman rele 800-659-2955. Voye kesyon yo pa imèl bay FOCE-Help@sba.gov. Pou plis enfòmasyon vizite sba.gov/.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre siklòn Ian ak Nicole, vizite floridadisaster.org/info ak fema.gov. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou