Ekip FEMA sou Teren pou Ede Sivivan Siklòn Idalia yo

Release Date Release Number
002
Release Date:
September 1, 2023

ATLANTA –  Ekip FEMA pou Asistans pou Sivivan Katastwòf (Disaster Survivor Assistance, DSA) ap travay nan kominote yo pou ki afekte nan Siklòn Idalia pou ede rezidan yo pou aplike pou asistans FEMA ak refere ak lòt resous pou katastwòf.

Ekip DSA yo abiye ak inifòm FEMA epi yo gen yon badj federal ki gen foto pou idantifye yo. Pèsonèl FEMA yo pa janm mande lajan.

 Gen plizyè fason pou aplike pou w kapab jwenn asistans FEMA: Ale sou entènèt la sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a,  oswa rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362. Gen liy nan plizyè lang ki ouvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m. lè lokal, sèt (7) jou pa semèn. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. 

Enspektè kay FEMA yo pral nan kominote yo pou rankontre ak moun ki aplike yo pou verifye pèt yo. FEMA ap kontakte pwopriyetè kay yo pou kapab jwenn yon lè pou enspeksyon. Enspektè sa yo gen yon badj ki pou idantifye yo ak yon foto epi y ap gen nimewo aplikasyon moun ki aplike a. 

Pèsonèl FEMA yo ak Administrasyon Ti Biznis Etazini (Small Business Administration, SBA) yo pa janm mande lajan. Pa gen frè pou aplike pou FEMA oswa SBA.

Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou jwenn asistans, ale sou youtube.com/watch?v= WZGpWI2RCNw.

Tags:
Dènye mizajou