LAKE MARY, Fla. – Lokatè nan konte Broward ki gen kay ak pwopriyete yo ki te domaje nan gwo tanpèt, tònad ak inondasyon 12–14 avril yo kapab aplike pou asistans federal pou katastwòf.
Asistans Endividyèl FEMA disponib pou lokatè, etidyan, ansanm ak pwopriyetè kay. Asistans finansyè federal la ka ede peye pou lojman tanporè. Asistans pou lokasyon inisyal la se pou yon peryòd yon mwa oswa de mwa epi yo ka revize li pou plis asistans.
Lokatè yo ka kalifye tou pou asistans anba pwogram Asistans pou Lòt Bezwen FEMA pou pèt pwopriyete pèsonèl esansyèl ki pa gen asirans ak lòt depans ki gen rapò ak katastwòf. Sa yo gendwa gen ladan yo:
- Ranplasman oswa reparasyon byen pèsonèl ki nesesè, tankou mèb, aparèy menaje, abiman, liv oswa lòt founiti eskolè.
- Ranplasman oswa reparasyon zouti ak lòt ekipman ki lye ak travay ke travayè otonòm yo egzije.
- Machin prensipal yo.
- Depans pou bwote epi estokaj, gadri, dan ak medikal ki pa asire oswa ki sot nan pòch yo.
Sivivan gwo tanpèt ak inondasyon ki aplike pou asistans pou katastwòf nan men FEMA yo ka refere yo bay U.S. Small Business Administration (SBA) pou jwenn enfòmasyon sou fason pou aplike pou yon prè pou katastwòf. Li enpòtan pou ou soumèt aplikasyon pou prè a pi vit posib. Si yo apwouve aplikasyon w lan, ou pa oblije aksepte prè a men si w pa retounen aplikasyon an, sa ka diskalifye w pou lòt asistans FEMA posib.
Prè U.S. Small Business Administration (SBA) pou Katastwòf
U.S. Small Business Administration, patnè federal FEMA nan retablisman apre katastwòf, gendwa kapab ede tou. Biznis, òganizasyon san bi likratif ak pwopriyetè kay yo ka elijib pou yon prè pou katastwòf ak enterè ki ba pou repare oswa ranplase amelyorasyon teren ki pa kouvri pa asirans. Amelyorasyon sa yo genyen ladan yo: yon wout prive oswa yon pon ki nesesè pou jwenn aksè nan pwopriyete a (sa vle di, rezidans prensipal), reparasyon mi soutènman, elatriye.
Biznis yo ka aplike dirèkteman sou sitwèb sekirite SBA a nan disasterloanassistance.sba.gov. Pwopriyetè kay ak lokatè yo ta dwe premye enskri nan FEMA. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Sant Sèvis Kliyan SBA a nan 1-800-659-2955. Si ou soud, ou gen pwoblèm pou tande, oswa ou gen yon andikap pou pale, tanpri rele 7-1-1 pou jwenn aksè a sèvis relè telekominikasyon yo, oswa voye yon imèl bay DisasterCustomerService@sba.gov.
Lokatè nan Konte Broward yo ka aplike sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov, sèvi ak aplikasyon mobil FEMA oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib soti 7 a.m. rive 11 p.m. ET. Èd la disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.
Pou yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou asistans ale nan, FEMA Aksesib: Twa Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf.
Pou jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon Florid, vizite floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4709. Swiv FEMA sou Twitter sou FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter epi sou facebook.com/fema.