Sivivan Siklòn Ian yo Kapab Kalifye pou Lojman Tanporè

Release Date Release Number
010
Release Date:
Oktòb 7, 2022

TALLAHASSEE – Eta Florida a ak FEMA te aktive pwogram Transitional Sheltering Assistance la oswa TSA (ki vle di Asistans Lojman Tanporè) pou sivivan Siklòn Ian yo nan konte Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Hardee, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Orange, Osceola, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns ak Volusia.

Sivivan nan konte sa yo ki te aplike pou asistans nan moman katastwòf la kapab vin kalifye pou yo jwenn abri mam otèl oswa motèl FEMA ap peye pou yo. Yo kapab vin kalifye pou TSA si yo pa kapab tounen lakay yo epi si yo pa kapab satisfè bezwen lojman yo atravè asirans, asistans pou abri oswa lokasyon lojman FEMA oswa yon lòt ajans (federal, eta oswa san pwofi) ofri yo.

Yo pral fè sivivan yo konnen si yo kalifye nan yon apèl telefòn otomatize, mesaj tèks ak/oswa imèl, sa depan ki metòd kominikasyon yo chwazi lè yo aplike pou asistans la.

Anndan pwogram TSA a, FEMA ap peye depans chanm lan, taks yo ak frè pou bèt domestik ki pa ranbousab yo dirèkteman bay otèl ak motèl ki ap patisipe yo. Sivivan yo gen responsabilite pou yo peye tout lòt depans yo, tankou lesiv, sèvis chanm, pakin, telefòn, manje, transpò ak lòt sèvis.

N ap detèmine si kalifikasyon yon moun kapab pèmanan nan yon fason endividyèl. Lè kalifikasyon an fini, sivivan yo ap resevwa yon kominikasyon FEMA ap fè pase sèt jou anvan dat sòti a.

TSA aktif sèlman nan pwopriyete lojman ki ap patisipe nan Florida, Alabama, ak Georgia yo sèlman.

TSA pa konsidere kantite maksimòm asistans ki disponib nan Individuals and Households Program oswa IHP (Pwogram pou Moun ak Fanmi) la pou yon moun k ap aplike.

Sivivan yo kapab aplike pou asistans FEMA an lè yo ale sou disasterassistance.gov,  lè yo rele nan liy asistans pou katastwòf la nan 800-621-3362, oswa lè yo itilize aplikasyon mobil FEMA a. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou yon relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ki soutitre oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre pasaj Siklòn Ian nan Florida, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4673. Suiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter epi sou facebook.com/fema.

TSA is limited to participating lodging properties in Florida, Alabama, and Georgia.

TSA does not count toward an applicant’s maximum amount of assistance available under the Individuals and Households Program (IHP).

Survivors can apply for FEMA assistance by visiting disasterassistance.gov, calling the disaster assistance helpline at 800-621-3362, or using the FEMA mobile app. If you use a relay service, such as video relay (VRS), captioned telephone or other service, give FEMA the number for that service.

For the latest information on Florida’s recovery from Hurricane Ian, visit  floridadisaster.org/info and fema.gov/disaster/4673. Follow FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter and at facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou