Kolaborasyon pote plis Enèji nan Vizyon pou Ranfòse Sektè Sèvis Esansyèl nan Zile Vyèj Ameriken yo

Release Date Release Number
189
Release Date:
September 27, 2021

ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken yo -- Prezans de siklòn Kategori 5 yo sou teritwa an nan espas 14 jou te lakòz anpil dega sou plizyè milye kay abitan Zile Vyèj yo epi yo te fè anpil dega sou sektè sèvis esansyèl teritwa an nan mwa Septanm 2017. Aliminyòm ondile nan twati yo ak debri vejetal yo te monte youn sou lòt, plizyè milye kay pa t kapab resevwa kouran epi gwo enstalasyon medikal yo te sibi dega toupatou sou teritwa an.

Patenarya federal ak lokal yo kontinye mete pwojè rekiperasyon nan kad siklòn yo sou pye pou ranfòse sektè sòvis esansyèl teritwa yo kont van ak lapli nan tanpèt ki gen pou vini yo. Anviwon $1.25 milya te dekese atravè Pwogram Èd FEMA an pou ede nan reparasyon pèmanan nan enstalasyon ki te sibi dega pandan tanpèt 2017 yo.

Sektè sèvis esansyèl yo se sèvis ki pi fondamantal nan kominote an ki, lè yo estab, pèmèt tout lòt aspè sosyete an fonksyone. Estabilizasyon rezo elektrik la ak kapasite pou lopital yo rete ouvè apre katastwòf yo ede nan ede nan operasyon pou sove lavi oswa kenbe moun anvi yo.

"Nou espere genyen yon rezo elektrik ki pi ranfòse, kominote lojman piblik ki rekonstwi ansanm ak mezi limitasyon pou ranfòse twati, pòt ak fenèt ak wout ki repare pou anpeche dlo lapli ak ewozyon antre sou teritwa an. Patenarya nou an ak teritwa an pral kreye yon enfrastrikti ki pi sekiritè epi pi ranfòse pou tout abitan Zile Vyèj yo epi fè si sektè sèvis esansyèl teritwa yo estabilize pi rapid apre tanpèt ki gen pou vini yo," dapre Direktè Rekiperasyon Zile Vyèj Ameriken yo, Kristen Hodge.   

Finansman apwouve atravè Pwogram Èd Piblik FEMA nan kad ijans ak travay pèmanan pou sektè sèvis esansyèl nan Zile Vyèj Ameriken yo genyen ladan li:

  1. $313.5 milyon pou sekirite ak pwoteksyon.

Pwojè sekirite ak pwoteksyon yo genyen ladan yo $563,889 ki dekese pou restorasyon sistèm alèt annavans kont sounami ki nan St. Croix an ak $895,588 pou reparasyon sistèm alèt annavans kont sounami an nan St. Thomas, Water Islands ak St. John. Teritwa an pral repare oswa ranplase 17 sirèn nan St. Croix ki gen ladan li poto 20 pye anviwon, pano solè, opalè sirèn yo ak ekipman oksilyè yo.

Teritwa an pral repare oswa ranplase yon kantite total 27 sirèn nan St. Thomas, St. John ak Water Island, sa ki vle di 18 sit sou St. Thomas, sèt sit sou St. John ak de sit sou Water Island.

Mezi limitasyon pou $71,638 sou St. Croix ak $113,768 sou St. Thomas, St. John ak Water Island pou pwojè sirèn alèt annavans kont sounami yo gen ladan yo ajoute poto asye ki pral gen kapasite sibi fòs gwo van ak enpak debri ki ap vole yo. 

  1. $851.3 milyon pou lojman

Kominote lojman piblik ki te sibi dega nan moman tanpèt 2017 yo pral benefisye reparasyon ki konsantre sou mezi limitasyon yo nan objektif pou pèmèt yon lojman jwe wòl pwoteksyon li an epi gen plis ranfòsman pou fanmi Zile Vyèj Ameriken yo. FEMA te dekese yon kantite $200.3 milyon pou Housing Aithority Zile Vyèj Ameriken yo nan objektif pou aplike reparasyon pèmanan sou kominote ki toupatou sou teritwa an. $200.3 milyon an gen ladan li $4.2 milyon pou mezi limitasyon yo.

  • Pwojè sou St. Thomas yo gen ladan yo:

Yon dekèsman $10.7 milyon pou reparasyon nan Michael Kirwan Terrace la. Mezi limitasyon pou yon kantite $679,907 pral a-like sou 20 bilding nan Kirwan Terrace epi yo pral genyen ladan yo enstalasyon sistèm pòt ann asye ki paka wouye ak enstalasyon yon dig devyasyon ak yon basen rekiperasyon ki pral kontwòlè dlo lapli an pou voye li ale lwen kay yo.

 Yon total $4.5 milyon pou reparasyon nan 12 bilding apatman nan Tutu Hi-Rise epi yon dekèsman $6.37 milyon pou reparasyon biwo santral, anèks ak atelye Housing Authority an ak sant kominotè Tutu an. Pwojè sant kominotè an gen ladan li mezi limitasyon pou $394,944 nan objektif pou enstale sistèm goutyè ki reziste ak van nan twati yo, pwoteksyon pou sistèm klimatizasyon yo, sistèm fèmti ki woule yo pou fenèt ak pòt, epi enstalasyon pano kalib 24 pou twati ak mi.

  • Reparasyon nan kominote lojman ST. Croix yo gen ladan yo:

Yon dekèsman $5.5 milyon pou reparasyon 16 estrikti nan Kominote Lojman David Hamilton lan Mezi limitasyon pou $268,882 pral gen ladan yo ranfòsman pòt eksteryè an bwa yo ak enstalasyon an asye ki pa kapab wouye; ranplasman goutyè aliminyòm yo ak goutyè ann asye pou redirije dlo an kòmsadwa epi sekirize sistèm ekleraj eksteryè yo pou anpeche dega debri van pote kapab fè yo.

Yo te dekese $12.9 milyon nan kad reparasyon pèmanan pou Kominote Lojman John F. Kennedy an epi $7.7 milyon nan kad reparasyon pou Marley Additions ak Marley Homes. Reparasyon nan Marley Homes genyen ladan l mezi limitasyon pou $99,477 nan objektif pou ranfòse goutyè, planche vinil ak revètman sèch mi twalèt yo ansanm ak ajoute jwen pou anpeche dega sou pòt ki te sibi dega nan moman Siklòn Maria yo.

  1. $140.3 milyon pou domèn medikal ak sante an

Pami pwojè ki mete sou pye nan objektif pou estabilize enfrastrikti swen sante sou tout teritwa an jiskaske gen reparasyon pèmanan ki kapab fèt genyen amenajman sant ebèjman gouvènman an. Enstalasyon tanporè Lopital ak Sant Medikal Juan F. Luis la (Juan F. Luis Hospital and Medical Center) lan nan Christiansted ki gen $110.5 milyon ki dekese nan men FEMA. Enstalasyon tanporè an pral pèmèt Luis Hospital kenbe sèvis medikal yo pandan li ap travay sou ranplasman enstalasyon prensipal li an, ki te sibi dega nan siklòn Maria.

  1. $1.35 milyon pou enèji ak gaz

FEMA antre nan patenarya ak V.I. Water and Power Authority (WAPA) pou ranfòse rezo elektrik la pou li kapab gen kapasite sibi fòs tanpèt yo epi ogmante kapasite li pou bay bon jan kouran pandan tout ane an. Plan ak travay yo ap akselere sou tout teritwa an pou reparasyon estasyon elektrik segondè yo, pase kab elektrik yo anba tè epi enstale poto elektrik ki fèt ak materyo konpozit.

FEMA te bay yon prim anviwon $899.1 milyon atravè Powgram Èd PIblik li an pou sipòte reparasyon pèmanan nan sistèm distribisyon ak estasyon segondè elektrik yo nan St. Thomas, St. John, St. Croix ak Water Island. Èd la gen ladan li $572.8 milyon pou mezi limitasyon nan objektif pou ranfòse rezistans rezo an pou kanpe repetisyon dega nan kad katastwòf ak rekonstriksyon an.

WAPA planifye pou li enstale 8,496 poto ki fèt ak materyo konpozit ki gen kapasite pou sibi fòs van siklòn yo sou teritwa an. Nan fen mwa Dout la, 4,429 poto te gentan enstale, epi pwojè an te gentan konplè a 52%.

Enstalasyon pou pase kab elektrik yo anba tè nan St. John sòti Cruz Bay rive Myrah Keating Smith Community Health Center (Sant Sante Kominotè Myrah Keating Smith la) ap fèt nan moman n ap pale an.

Prentan ki sot pase an, yon poz premyè pyè te fèt nan St. Croix pou twa pwojè elektrik anba tè nan Golden Grove, Midland epi nan Wilfred “Bomba” Allick Port and Transshipment Center an. Travay la te kòmanse pou pwojè anba tè nan pò konntenè an nan dat 20 Septanm.

  1. $10.4 milyon pou kominikasyon

Pwojè yo genyen ladan yo reparasyon nan sit resepsyon fib optik yo pou Rezo Modèn Zile Vyèj Ameriken yo (Virgin Island Next Generation Network, viNGN) nan St. Croix ak rekoneksyon fib ki pase anlè yo nan poto sèvis an bwa yo nan St. Thomas. Yo te dekese yon total $2.9 milyon pou pwojè yo.

Pwojè reparasyon sant resepsyon fib optik pou $1.8 milyon an nan St. Croix pral pèmèt gen reparasyon ki fèt nan sikui terès pou kab anba lanmè yo gras ak rekoneksyon fib la nan poto sèvis an bwa WAPA yo nan mitan chak sant resepsyon fib optik yo ak Pwen Aksè Fib Optik ki pi pre an nan de zòn.

Mezi limitasyon pou sant resepsyon fib optik yo pral pèmèt gen yon boukliye ki pozisyone sou tè ki bò lanmè yo pou twou obsèvasyon ki konekte Pwen Aksè Fib Optik yo ak kab anba lanmè ki konekte Zile Vyèj yo ak youn nan kab anba lanmè pou Atlantik/Karayib la. Mezi yo kapab gen ladan yo kab ki pase anba tè sòti nan twou obsèvasyon ki ale nan 12 Pwen Aksè nan St. Croix yo. Mezi limitasyon sa pral kapab ede nan asire sèvis entènèt la, ki founi sèvis tou pou rès teritwa an, kontinye ap fonksyone pandan lòt tanpèt ki gen pou vini yo.

Pwojè $1 milyon pou kominikasyon nan St. Thomas an, prevwa reparasyon pou sikui fib ki pase anlè yo ak fib lateral ki pase anlè yo ki vin fè yon sèl nan tèminal kliyan yo. Reparasyon yo gen ladan yo rekonekte fib ki pase anlè yo nan poto sèvis an bwa WAPA yo.

  1. $151.1 milyon pou materyo a risk yo

FEMA ap travay ansanm ak lokalite an tou pou ranfòse rezistans sant ki sèvi pou estoke materyo a risk yo, poliyan ak fatra yo. Pwojè yo gen ladan yo apwobasyon pou dekese $6.3 milyon pou V.I. Wate Management Authority nan objetif pou jere reparasyon nan liy egou yo pou kanalizasyon Garde Street, Savan ak Moravian yo nan St. Thomas.

Pwojè yo pral gen ladan yo eliminasyon tiyo egou yo, eliminasyon oswa ranplasman twou egou yo, eliminasyon oswa ranplasman kad amati an font ak kouvèti twou egou yo, epi eliminasyon ak ranplasman tiyo egou ki pase anba tè yo.

  1. $119 milyon pou transpò

FEMA ap kontinye travay ak lokalite an pou amelyore wout ki te sibi dega pandan siklòn 2017 yo. Pwojè yo dekese pou yo genyen ladan yo:

De pwojè pou Ministè Travay Piblik la nan objektif pou jere reparasyon nan William Delight nan St. Croix pou yon total $3.58 milyon. Mezi limitasyon ki te gen $1.2 milyon ki dekese pou yo an pral konsantre sou ranfòsman wout yo nan kote ki gen posibilite inonde oswa sibi dega ewozyon yo, amelyorasyon sistèm drenaj pou dlo gwo lapli yo epi ogmantasyon dimansyon kanalizasyon aktyèl yo.

Yon $5.1 milyon ki dekese pou fè reparasyon pou wout epi pou yon kè ak yon ranp pou pasaje nan Water Island. Pwojè basen vèsan an gen ladan li mezi limimtasyon pou yon kantite $2.4 milyon nan objektif pou ranfòse asfalt nan wout ki gen plis posibilite pou gen pòch satire ki fèt anba yo oswa sibi ewozyon, amelyore sistèm drenaj pou dlo gwo lapli yo pou redui dega pòch satire yo ak ewozyon yo, epi ajoute twotwa ak kanalizasyon oswa wout ki asfalte.

Patenarya Pwolonje FEMA an ak Biwo Gouvènman an, Ajans Lokal pou Jesyon Ijans Zile Vyèj yo ak Biwo Rekiperasyon apre Katastwòf Zile Vyèj yo pral fè si teritwa an konstwi yon fason ki pi entèlijan ak pi solid epi pou sant ki pi enpòtan li yo tankou santral elektrik ak lopital yo kapab sibi frap tanpèt ki gen pou vini yo.

Haugland Virgin Islands line workers finish installation of a composite power pole in July 2021 in Upper Contant on St. Thomas. The Virgin Islands Water and Power Authority is leading operations to install 2,333 composite poles on the island

Travayè nan liy Haughland Virgin Island yo fini enstalasyon yon poto elektrik ki fèt ak materyo konpozit nan mwa Jiyè 2021 nan Upper Contant nan St. Thomas. Virgin Island Water and Power Authority an ap dirije operasyon pou enstale 2,333 poto an materyo konpozit sou zile an. FEMA/Eric Adams

RG Engineering begins demolition of five buildings in February 2021 damaged during hurricanes Irma and Maria at the Tutu Hi-Rise housing community on St. Thomas. FEMA, through its Public Assistance Program, is supporting the demolition of the buildings and eventual permanent repairs to Hi-Rise.

RG Engineering kòmanse demolisyon senk bilding nan mwa Fevriye 2021 ki te sibi dega pandan pasaj siklòn Irma ak Maria an nan lojman kominotè Tutu Hi-Rise la nan St. Thomas. FEMA, gras ak Pwogram Èd Piblik li an, ap sipòte depolisyon bilding yo ak reparasyon pèmanan ki genyen ann Hi-Rise yo. FEMA

FEMA's Public Assistance Program is supporting the V.I. Waste Management Authority's plans for sewer line repairs for the Garden Street gut in Charlotte Amalie on St. Thomas. Hurricanes Irma and Maria left Garden Street littered with debris in September 2017.

Pwogram Èd Piblik FEMA an ap sipòte plan V.I. Waste Management Authority yo nan objektif pou jere reparasyon nan liy egou yo pou kanalizasyon Garde Street nan Charlotte Amalie nan St. Thomas. Siklòn Irma ak Maria te pase sou Garden Street epi yo te kite l anba yon pil debri nan mwa Septanm 2017. FEMA/Eric Adams

Tags:
Dènye mizajou