FEMA bezwen kowòdone aktyèl ou

Release Date Release Number
NR 018
Release Date:
October 22, 2020

PENSACOLA, Fla. – Lè ou fin enskri pou asistans federal apre katastwòf, li enpòtan pou FEMA ka kontakte ou. Konnen apèl FEMA a ka parèt tankou yo soti nan nimewo enkoni epi asire FEMA gen enfòmasyon kontak aktyèl ou.

FEMA bezwen rele kèk sivivan nan konte Bay, Escambia, Okaloosa, Santa Rosa ak Walton pou fè yon enspeksyon nan kay a distans, pa telefòn, pou yo kapab kontinye trete aplikason pou èd apre Siklòn Sally yo. FEMA ka kontakte sivivan yo tou pou jwenn plis enfòmasyon pou aplikasyon yo.

Si gen chanjman nan nimewo telefòn, adrès aktyèl, enfòmasyon bank oswa asirans, ou ta dwe fè FEMA konnen oswa ou ka rate apèl telefòn oswa korespondans ki enpòtan.

Ou ka aktyalize enfòmasyon kontak ou nan plizyè fason:

  • Ale sou entènèt nan DisasterAssistance.gov.
  • Telechaje app FEMA pou smartphones.
  • Rele 800-621-3362 (TTY 800-462-7585). Gen operatè ki pale plizyè lang ki disponib. Nimewo pou apèl gratis yo disponib apati 7 a.m. jiska 10 p.m., lè lokal, sèt jou nan semèn nan. Moun ki itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo telefòn espesifik yo deziyen pou sèvis sa a.

Delè pou enskri nan FEMA se 1ye Desanm 2020.

Lè yo rele moun ki aplike yo, espesalis FEMA yo ap genen nimewo idantifikasyon aplikan FEMA a, nimewo telefòn ak adrès pwopriyete ki domaje a. Yo p’ap mande lajan; pa gen frè pou aplike pou èd FEMA. Si ou sispèk yon moun ki rele, rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585) pou verifye FEMA ap eseye kontakte ou.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou repriz apre Siklòn Sally nan Florida, ale sou paj wèb FEMA a pou katastwòf la nan https://www.fema.gov/disaster/4564 oswa sou paj wèb Divizyon Jesyon Ijans nan Florida a (Florida Division of Emergency Management) nan https://www.floridadisaster.org/info/.

Tags:
Dènye mizajou