Sant Rekiperasyon pou Katastwòf Konte Suffolk la ap Fèmen Nèt 30 oktòb

Release Date:
October 28, 2021

Sant Rekiperasyon pou Katastwòf Konte Suffolk la ap fèmen nèt samdi a 6 zè p.m, men rezidan ki sinistre nan siklòn Ida yo ka toujou jwenn èd pou yo fè aplikasyon pou asistans pou katastwòf FEMA a. W ap jis itilize telefòn ou, òdinatè w oswa aparèy mobil ou pou w jwenn èd la.

Sant rekiperasyon an sitiye nan Rose Caracappa Senior Center nan 739 NY-25A nan Mount Sinai. Menm lè se sèl sant rekiperasyon ki genyen pou sèvi konte a, gen sèt lòt Sant Rekiperasyon pou Katastwòf nan konte vwazen yo  ki toujou ouvè soti 10 a.m. rive 6 p.m. Lendi pou rive Samdi. Yo tout fèmen dimanch. Men yo:

    • Hostos College, 450 Grand Concourse, Bronx, NY 10451
    • Bibliyotèk Piblik, 136 Prospect Ave., Mamaroneck, NY 10543
    • Queens College, 152-45 Melbourne Ave., Queens, NY 11367
    • Medgar Evers College, 231 Crown St., Brooklyn, NY 11225
    • College of Staten Island, 2800 Victory Blvd., Staten Island, NY 10314
    • Michael J. Tully Park Physical Activity Center, 1801 Evergreen Ave., New Hyde Park, NY 11040
    • Orangetown Soccer Club Complex, 175 Old Orangeburg Road, Orangeburg, NY 10962

Espesyalis yo ki nan sant lan disponib pou yo reponn kesyon ou yo, tankou si FEMA pran tan pou l reponn sou kalifikasyon w pou w resevwa asistans ak èd pou w telechaje dokiman sou kont ou.

Ou ka vizite tou nenpòt Sant Rekiperasyon pou Katastwòf epi rankontre ak anplwaye FEMA ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans ki nan eta a. Sant yo bay moun ki gen andikap yo aksè ak teknoloji tou. Si w bezwen ekipman teknolojik espesyalize, fè espesyalis la konn sa lè w rele nan Liy Asistans FEMA a.

Pou aplike pou asistans FEMA an, ale sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele nan Liy Asistans FEMA an nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè Liy Asistans yo disponib apati 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou jwenn yon entèprèt ki pale lang ou.

Moun ki sinistre yo pa bezwen vizite yon Sant Rekiperasyon pou Katastwòf pou yo jwenn èd. Si w ap viv nan Bronx, Dutchess, Kings, Nassau, Queens, Richmond, Rockland, Suffolk oswa Westchester County, epi w sibi domaj, pèt oswa dega siklòn Ida fè w pa ka abite lakay ou, nou ankouraje w pou aplike pou asistans FEMA pou katastwòf anvan ou vizite yon sant rekiperasyon.

Dat limit pou w aplike pou asistans katastwòf FEMA a se Lendi 6 Desanm.

Pou plis resous anliy, ak depliyan FEMA ak lòt èd ou kapab telechaje, ale sou www.disasterassistance.gov epi klike sou "Enfòmasyon.”

Pou referans nan ajans ki sipòte bezwen espesifik nan kominote an, rele 211 oswa ale sou www.211nys.org/contact-us. Pou rezidan Vil New York, rele 311.

Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon New York, vizite fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan https://twitter.com/FEMARegion2 epi sou Facebook nan facebook.com/fema...

Tags:
Dènye mizajou