Lejann and Reyalite sou Asirans Inondasyon

Release Date:
March 26, 2021

Anpil mèt kay souvan gen move konsepsyon sou asirans inondasyon, tankou keseswa yo ka achte l, kilè yo ka achte l, ak konbyen lajan li koute.

Men gen kèk lejann ak reyalite ki pi komen sou asirans inondasyon ak Pwogram Nasyonal sou Inondasyon [National Flood Insurance Program (NFIP):

Lejann: Ou pa ka achte asirans inondasyon si ou abite nan yon zòn ki gen yon risk elve pou inondasyon.

Reyalite: Ou ka achte asirans inondasyon federal kèlkeswa kote ou abite si kominote w patisipe nan NFIP.

Lejann: Asistans pou katastwòf se menm bagay avèk asirans pou inondasyon.

Reyalite: San asirans inondasyon, pifò rezidan dwe peye nan pòch yo oswa fè yon prè pou repare ak ranplase atik ki andomaje yo.  Asistans federal pa toujou disponib e li pa ase pou remete w nan kondisyon ou te ye anvan katastwòf la.

Lejann: Jwenn kantite kouvèti asirans inondasyon ou kapab peye kounye a.

Reyalite: Mande ajan asirans ou pou ba ou yon evalyasyon sou diferan nivo kouvèti asirans inondasyon.  

Lejann: Lokatè pa kapab jwenn asirans inondasyon.

Reyalite: Lokatè yo ka jwenn kontni kouvèti asirans pou yo kapab ranplase byen pèsonèl yo.

Lejann: Se pa tout zòn inondasyon ki gen menm risk pou inondasyon.

Reyalite: Asirans inondasyon nesesè ak disponib nan tout zòn inondasyon yo.

Lejann: Ou pa kapab achte asirans inondasyon imedyatman anvan oswa pandan yon inondasyon.

Reyalite: Ou ka achte kouvèti asirans inondasyon nan nenpòt kilè. Men, pa rete tan paske kontra asirans yo jeneralman pran 30 jou pou yo efektif. Gen kèk eksepsyon ki redwi oswa elimine peryòd datant lan. Jwenn enfòmasyon sou yo nan https://www.floodsmart.gov/flood-insurance-cost/terms.

Lejann: Kontra asirans pwopriyetè kay yo kouvri inondasyon.

Reyalite: Malerezman, anpil moun pa p konnen jiskaske li twò ta ke kontra asirans yo pa kouvri inondasyon.

Lejann: Asirans inondasyon disponib sèlman pou pwopriyetè kay yo.

Reyalite: Lokatè ak pwopriyetè biznis yok a jwenn asirans inondasyon tou.

Lejann: Sèlman rezidan ki nan zòn inondasyon ki gen risk elve yo bezwen pou asire pwopriyete yo.

Reyalite: Plis pase 40% nan reklamasyon NFIP yo nan dènye senkan ki sot pase yo te soti deyò zòn ki gen risk elve. Si ou abite nan yon zòn minim pou inondasyon, ou kapab kalifye pou yon Kontra Risk Prefere ki pa koute chè  .

Lejann: Ou ka achte asirans inondasyon federal sèlman dirèkteman grasa NFIP.

Reyalite: Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon [National Flood Insurance Program (NFIP)] fè patenarya avèk plis pase 60 konpayi asirans prive pou vann ak bay sèvis kontra asirans inondasyon. Si ou pa gen yon konpayi asirans oswa si ajan asirans ou pa vann asirans inondasyon, itilize lokalizatè founisè asirans NFIP pou jwenn yon founisè ki toupre w.

Lejann: Van lapli provoke pa konsidere kòm inondasyon.

Reyalite: Byenke kontra asirans inondasyon spesifikman ekskli van kouvèti kont van ak grèl laplipa kontra asirans pwopriyetè kay yo enkli kouvèti sa a. Lapli kap antre nan fenèt oswa pòt ki andomaje oswa twou nan miray yo oswa twati a akoz dlo ki chita oswa mas dlo konsidere tankou yon tanpèt van olye domaj inondasyon. Asirans Inondasyon Federal jeneralman kouvri dlo ki soti anba epi antre lakay ou apati deyò.  

Pale avèk yon spesyalis Edikasyon Kominotè ak Sansibilizasyon [Community Education and Outreach (CEO)] lè ou rele: 833-FEMA-4-US oswa 833-336-2487 oswa vizite paj entènèt CEO pou piblikasyon ou kapab itilize kòm gid pou rekiperasyon w: https://fema.connectsolutions.com/lamit/ or https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit/ pou Panyòl. Espesyalis sa yo bay enfòmasyon sou kijan pou repare ak rebati pi ansekirite ak pi solid apre yon katastwòf.  

Tags:
Dènye mizajou