Apèl FEMA – Lè FEMA pa kapab kontakte w

Release Date:
December 11, 2020

Rete an kontak. Sa depannde ou

FEMA souvan bezwen pou kontakte yon aplikan pou ranpli yon aplikasyon oswa fè yon randevou pou yon enspeksyon vityèl. Yap rele nimwo ou te bay la lè ou te ranpli aplikasyon w lan.

Men si nimewo a pa bon oswa ou pa reponn, yo pa p kapab konplete aplikasyon an.  Sa a se yon pwoblèm ki espesyalman difisil lè moun FEMA ap rele a soud, gen difikilte pou tande, oswa gen yon pèt odisyon ki bezwen teknoloji adpate pou konplete apèl la.

Si ou panse ou ta dwe tande FEMA, gen lòt enfòmasyon pou ajoute nan dosye w, oswa si ou ta sèlman vle wè kijan aplikasyon w lan ap pwogrese, li ta bon pou kontakte FEMA pou asire w.

Liy èd FEMA: Sivivan katastwòf yo ka rele FEMA nan 800-621-3362 pou enskri pou asistans oswa tcheke estati aplikasyon yo. Sivivan katastwòf yo ki soud, gen yon pèt odisyon, oswa gen yon dfikilte nan pale ak itilize yon Telefòn Tèks (TTY) ka rele 800-462-7585. Sivivan katastwòf yo ki itilize 711 oswa VRS (Sèvis Relè Videyo), ka rele 800- 621-3362. Moun sila yo ki itilize yon sèvis relè tankou yon telefòn videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe mete FEMA ajou avèk nimewo spesifik yo asiyen pou sèvis sa a.  Liy telefòn gratis la fonksyone apati 7 a.m. pou rive 10 p.m. sèt jou pa semèn.

Ou ka vizite tou DisasterAssistance.gov pou mete ajou kont anliy ou si ou te kreye youn.  

Anvan pwochen tanpèt la, yo ankouraje kominote moun ki soud la pou revize “Preparasyon fè sans pou moun ki gen Andikap ak lòt Aksè ak Bezwen Fonksyonèl,” yon videyo FEMA ki prezante an Angle ak ASL. Vizite https://www.youtube.com/watch?v=ZLLMDOScE4g.

Tags:
Dènye mizajou