Benefisyè Dirèk Lojman yo Dwe Konfòme yo ak Akò Lisansman

Release Date:
January 11, 2024

Sivivan Siklòn Idalia ki te apwouve pou Inite Lojman Tanporè yo ka elijib pou rete nan inite FEMA bay yo pou jiska 18 mwa apati dat deklarasyon katastwòf la pandan y ap chèche opsyon lojman pèmanan. Pa kont, yo dwe suiv tèm ak kondisyon Lisans FEMA Kapab Retire nan Men yo oswa Akò Lojman Tanporè yo gen ak FEMA.

 

Konfòme ak Akò Lisans lan

 

  • Sèl moun ki nan lis lisans lan kapab viv nan pwopriyete a epi lisans la pa kapab transfere bay yon lòt pati. FEMA gen dwa pou antre nan inite a pou fè enspeksyon oswa reparasyon apre yon fin voye yon avi nan 24èdtan. Nan ka ijans, yo pa oblije voye avi.
  • Akò lisans lan mande okipan yo pou yon prezante yon plan pou lojman ki ap reyisi oswa ki alontèm epi bay prèv plan ap pwogrese jiska rive nan akonplisman. Si okipan yo vin gen lojman alontèm ki disponib pou yo, yo dwe kite pwopriyete a. 
  • Tout okipan lojman tanporè yo dwe kowopere nèt alkole ak FEMA pou kapab planifye yon reyinyon ki ap detèmine si yo toujou kalifye. Sa gen ladan l bay FEMA otorizasyon antanke mèt pwopriyete pou kapab vizite kay okipan ki domaje a pou kapab evalye pwogrè reparasyon yo.
  • Reyinyon kalifikasyon yo pral konfime okipan ap fè pwogrè nan plan lojman pèmanan. Egzanp prèv pwogrè yo kapab se: resi pou reparasyon oswa yon kontra ki siyen pou nouvo lojman.
  • Okipan pa gen pèmisyon pou ranje oswa itilize recho pou griye, chemine, petadifis, bonbòn gaz oswa lòt bagay dife anndan inite a. 
  • Yo dakò jiska 2 bèt domestik. 
  • Okipan pa kapab pentire oswa modifye anndan oswa deyò inite a. Pa kont, men yo aksepte ti modifikasyon yo konsidere tankou bagay ki nòmal, tankou mete ti klou nan mi an pou kapab pandje foto.
  • Sivivan ki ap viv nan pak komèsyal yo dwe suiv tout règ ak règleman pak la.
  • Si vyole bagay sa yo oswa nenpòt kondisyon nan akò lisansman kapab koz sanksyon oswa kanpe akò a. 
  • Sivivan ki gen kesyon sou akò lojman tanporè yo a oswa lisans FEMA kapab retire nan men yo ta dwe kontakte travayè sosyal yo a oswa Liy Èd FEMA nan 800-621-3362.

 

Pou dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon Florida apre Siklòn Idalia a, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou