FEMA mande moun nan Pòtoriko ak Zile Vyèj Ameriken yo pou yo prepare avan Tanpèt Twopikal Ernesto a

Release Date Release Number
HQ-24-154
Release Date:
Out 12, 2024

WASHINGTON -- Nan antisipasyon Tanpèt Twopikal Ernesto k ap rive sou Pòtoriko ak Zile Vyèj Ameriken yo, FEMA ap ankouraje moun ak vwayajè ki nan chemen tanpèt la pou yo pran mezi pou prepare depi jodi a. 

"Nou vle raple tout moun nan kominote nou yo ke li enpòtan anpil nan moman sa a pou pran tout mezi nesesè epi mete yon plan ijans an plas," se sa David Warrington, Administratè FEMA pou Rejyon 2, te di. "Prepare fanmi ou, pwoopiyete epi pa bliye bèt lakay ou yo. Konekte ak kominote ou epi deskite ak vwazen ou yo kijan nou kapab ede youn lòt anvan ak aprè yon dezas. Pataje enfòmasyon ak fè efò ansanm ka fasilite pwosesis rekiperasyon an. Se moman pou prepare.” 

Moun ki nan zòn ki ka afekte yo ta dwe prepare pou yon posib pàn kouran lè yo rasanble pwovizyon ijans tankou lanp, pil, ak manje ki p ap gate. FEMA ankouraje tout moun pran tan depi jodi a pou idantifye atik yo konte sou yo pou kouran epi planifye pou lòt sous kouran tankou pil ak yon chajè pòtab oswa yon bakòp. Anplis de sa, li enpòtan pou estoke dlo pou bwè, sekirize mèb deyò ak lòt atik ki ka deplase fasil yo.

FEMA ankouraje moun ki sou chemen tanpèt la pou yo swiv konsèy sa yo pou yo rete an sekirite

Prepare pou koupi kouran yo. Anplis de inondasyon, tanpèt sa gendwa lakoz koupi kouran. Si kouran an koupe, itilize sèlman flach oswa lanp ki mache ak pil pou limyè ijans. PA JANM itilize balèn pandan blakawout oswa koupi kouran akòz gwo risk pou dife. Si w gen medikaman ki bezwen ale nan frijidè oswa ou konte sou ekipman medikal ki bezwen kouran, fè plan lamenm sou kote ou kapab ale rete an sekirite ak an sante.

Sèvis ak jeneratris san danje. Si kouran ou koupe epi w ap itilize yon jeneratris, toujou itilize li deyò nan yon distans omwen 20 pye pa rapò ak fenèt, pòt ak garaj ki atache yo. Asire w ou kenbe jeretris la seche epi pwoteje kont lapli ak inondasyon. 

Kenbe manje yo an sekirite pandan koupi kouran. Kenbe frizè ak frijidè yo fèmen. Si kouran an ale, frijidè a ap kenbe manje yo fre pou anviwon kat èdtan, yon frizè ki ranpli ap kenbe tanperati li pou anviwon 48 èdtan. Sèvi ak tèmòs ak glas si sa nesesè. Swiv tanperati yo ak yon tèmomèt epi jete manje si tanperati a rive 40 degre oswa plis.

Fè yon plan. Konnen kijan ou pral kenbe tèt ou, fanmi ou, ak bèt kay ou an sekirite si sistèm twopikal sa a prevwa pou afekte zòn ou. Asire w ou pran an konsiderasyon bezwen espesyal fanmi ou, ki gen ladan nenpòt moun ki bezwen medikaman oswa ekipman medikal. Konnen kijan n ap kontakte youn lòt epi rekonekte si nou pa ansanm lè tanpèt la frape. Vizite Ready.gov oswa Listo.gov nan lang Panyòl pou plis enfòmasyon sou kijan pou retean sekirite anvan, pandan ak aprè yon koupi kouran.

Rete an sekirite pandan inondasyon. Pa mache, naje, oswa kondwi nan dlo inondasyon paske li ka kontamine ak genyen debri ki danjere. Anplis de sa, fil kouran anba tè oswa ki tonbe ka lakòz dlo a gen kouran. Fè Demi tou, Pa Nwaye! Sonje, sèlman 6 pous dlo k ap koule ka fè ou tonbe, epi yon pye dlo k ap koule ka bwote machin ou ale. Pa rete sou pon ki gen dlo k ap koule rapid. Pa janm kondwi alantou barikad yo. Entèvenan lokal yo itilize yo pou dirije trafik soti nan zòn ki inonde yo avèk sekirite.

Prepare pou evakye. Lapli ki twòp gendwa fè dlo a monte rapidman, kidonk ou ka bezwen evakye rapidman. Mete yon plan evakasyon an plas epi evite vwayaj ki pa nesesè, espesyalman sou wout ki ka vin inonde oswa domaje. Residan ak vizitè yo ta dwe prete atansyon ak otorite lokal yo epi swiv nenpòt gid, avètisman oswa enstriksyon pandan risk inondasyon an kontinye nan jou kap vini yo. 

Kenbe dokiman enpòtan yo an sekirite. Gen dosye finansye ak medikal ou ak enfòmasyon kontak enpòtan ap esansyèl pou ede w kòmanse pwosesis rekiperasyon an rapidman. Kenbe dokiman enpòtan yo nan yon kontenè ki reziste a dlo sou yon etajè wo oswa nan yon nivo ki pi wo nan kay ou. Kreye kopi dijital ki pwoteje ak modpas epi deplase bagay ki gen anpil valè yo nan nivo ki pi wo. 

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou prepare pou tanpèt ki ap vini an ak kijan pou rete an sekirite sou Ready.gov oswa Listo.gov nan lang Panyòl. Ou ka tou telechaje aplikasyon FEMA gratis la, ki disponib an Anglè ak Panyòl, pou jwenn abri ki ouvè ak resevwa alèt pou jiska senk lokal. 

Tags:
Dènye Mizajou