Sant Rekiperasyon Katastwòf Mobil la Vizite Konte Hillsborough

Release Date Release Number
040
Release Date:
October 25, 2023

LAKE MARY, Fla. – Eta Florida ak FEMA ap jere Sant Rekiperasyon apre Katastwòf ki nan Konte Levy yo pou bay chak moun ki afekte nan Siklòn Idalia èd. Premye kanpe a se

  • Hillsborough Community College - Regent
    6437 Watson Rd 
    Riverview, FL 33578

Orè: Jedi 26 oktob jiska mèkredi 1ye novanm, 9è nan maten rive 6è nan aprèmidi.

Y ap gen pou konfime tout kote y ap kanpe yo.

Espas ki ouvri nan moman:

  • Konte Citrus: Coastal Region Library, 8619 W Crystal St., Crystal River, 9è nan maten pou 7è nan aprèmidi, lendi rive mèkredi 9è nan maten pou 5è nan aprèmidi, jedi rive vandredi, fèmen samdi ak dimanch (fèmen nèt 27 oktòb 5è aprèmidi)
  • Konte Columbia 8è nan maten pou 7è nan apremidi. Fèmen dimanch 21 me
  • Konte Dixie: Dixie County Public Library, 16328 SE US-19, Cross City, 9è maten pou 6è aprèmidi lendi-samdi, fèmen jou dimanch 
  • Konte Hamilton 1153 NW US Hwy 41, Jasper, 9è maten pou 6è aprèmidi, lendi-samdi, fèmen jou dimanch
  • Konte Hernando Hernando Public Library Branch, 9220 Spring Hill Dr. Spring Hill, 9è maten pou 6è aprèmidi lendi-samdi, fèmen jou dimanch. 
  • Konte Jefferson: Jefferson County Library, 375 S Water St., Monticello, 9è maten pou 6è aprèmidi, lendi-samdi, fèmen jou dimanch (fèmen nèt apati 6è aprèmidi 03 novanm)
  • Konte Lafayette: Mayo Community Center, 150 NW Community Cir., Mayo, 9è maten pou 6è aprèmidi, lendi-vandredi, 9è nan maten pou 1è aprèmidi samdi, fèmen jou dimanch
  • Konte Madison: Career Source North Florida, 705 E Base St., Madison, 9è maten rive 6è aprèmidi, lendi rive samdi, fèmen jou dimanch.
  • Konte Pasco: Fasano Regional Hurricane Shelter, 11611 Denton Ave., Hudson, 9è nan maten pou rive 7è nan aprèmidi (fèmen nèt apati 6è aprèmidi 28 oktòb)
  • Konte Suwannee: Memorial Field, 617 Ontario Ave SW, Live Oak, 9è nan maten rive 6è aprèmidi lendi rive samdi, fèmen jou dimanch.
  • Konte Taylor: Steinhatchee Community Center, 1013 S. Riverside Dr., Steinhatchee, 9è nan maten pou rive 6è nan aprèmidi, lendi rive samdi, fèmen dimanch

Pa gen randevou ki nesesè pou vizite yon Sant Rekiperasyon Katastwòf. Rezidan yo byenvini pou vizite nenpòt DRC ki louvri, ou pa bezwen ap viv nan konte sa.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo bay moun ki sinistre yo enfòmasyon ki soti nan ajans eta FLorida yo, FEMA ak Administrasyon Ti Biznis Etazini. Moun ki sinistre yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou èd federal, aprann plis sou kalite èd ki disponib yo, aprann plis sou pwosesis apèl la epi jwenn nouvo enfòmasyon sou aplikasyon yo.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo aksesib pou moun ki gen andikap. Yo gen ekipman asistans teknoloji ki pèmèt moun ki sivivan nan katastwòf yo kominike ak manm pèsonèl yo. Gen sèvis Entèpretasyon Videyo Adistans ki disponib epi gen lang siy an pèsòn ki disponib si w mande sa. Sant yo gen pakin, ranp, ak twalèt ki aksesib pou moun ki andikape tou.

Li pa nesesè pou vizite yon sant. Sivivan yo kapab rele nan 800-621-3362 pou aplike, ale anliy sou disasterassistance.gov, oswa itilize aplikasyon mobil FEMA Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m  jiska 10 p.m Lè Lès. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou:  Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Dat limit pou aplike a se 29 Oktòb 2023.

Èd Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay ak lòt bezwen enpòtan ki lye ak katastwòf la. 

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou