Fèmti Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo nan Konte Jefferson

Release Date Release Number
037
Release Date:
October 20, 2023

LAKE MARY, Fla. – Sant rekiperasyon apre katastwòf nan Jefferson nan Manatee nan Jefferson County Library, 375 S Water St. in Monticellopral fèmen nèt apati 6è nan aprèmidi, vandredi 3 novanm

Orè pou jis yo fèmen an se 9è nan maten pou 6è nan aprèmidi, Lendi pou Samdi, Fèmen nan Dimanch

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo bay moun ki sinistre yo enfòmasyon ki soti nan ajans eta FLorida yo, FEMA ak Administrasyon Ti Biznis Etazini. Sivivan yo kapab ede aplike pou asistans federal ak pre pou katastwòf, mete aplikasyon ajou ak aprann sou lòt resous ki disponib yo. Dat limit pou aplike a se 29 Novanm.

Gen plizyè sant ki pral ouvè nan zon ki afekte nan Siklòn Idalia. Rezidan yo byenvini pou vizite nenpòt DRC ki louvri, ou pa bezwen ap viv nan konte sa. Pou jwenn yon sant toupre ou, ale sou: fema.gov/DRC. Lokalizatè DRC oswa floridadisaster.org, oswa ou ka ekri DRC ak tou kòd postal ou nan 43362. 

Li pa nesesè pou vizite yon sant. Sivivan yo kapab rele nan 800-621-3362 pou aplike, ale anliy sou disasterassistance.gov, oswa itilizeaplikasyon mobil FEMA. Liy yo ouvè chak jou soti nan 7 a.m  jiska 10 p.m Lè Lès. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou:  Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou