Sivivan Siklòn Michael yo Kapab Jwenn Piblikasyon Gratis pou Ede yo Avèk Rekonstriksyon

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 017
Release Date:
Desanm 3, 2018

Si ou se youn nan rezidan Florida ki te soufri domaj akoz Siklòn Michael te ravaje Bann Kotyè a nan mwa oktòb la epi ou swa kòmanse oubyen ap planifye kòmanse rekonstriksyon, Eta Florida a ak FEMA genyen yon gran varyete resous gratis ki disponib pou ou.

 

 

  • Si ou pa genyen yon òdinatè, ou kapab vizite youn nan sant amelyorasyon kay ki ap patisipe yo pandan youn nan plizyè evènman kote ou ka jwenn konseye FEMA ki kapab ede w an pèsòn. Yo ka ba w enfòmasyon tankou tou yo ka ba w bwochi ak lòt piblikasyon sou kisa pou w fè lè w ap konstwi oubyen rekonstwi apre inondasyon. Livrè sa yo disponib nan lang Anglè ak Panyòl. Ou pa bezwen okenn anrejistreman epi pa gen okenn limit sou kantite fwa ou kapab al vizite oubyen sou kantite piblikasyon ou ka jwenn.
  • Ou kapab ale sou entènèt nan www.fema.gov/ht/disaster/4399, defile desann paj la epi klike sou Lokal Mitigasyon yo pou w wè kilè epi ki kote konseye FEMA yo ap disponib pou ede w.
  • Kèk nan piblikasyon gratis FEMA sa yo disponib pou pwopriyetè kay oubyen kontraktè
    nan sant amelyorasyon kay yo:
  • Akontre Van: Pwoteje Kay ou Kont Domaj Akoz  Van Pandan Siklòn Apre Siklòn Andrew, yon ekip ekspè te evalye kay ki te kraze ak kay ki te reziste. Bwochi sa a diskite bagay ou ka fè pou ede rann kay ou a pi solid epi ki rezistan.
  • Gid pou Pwopriyetè Kay ki nan Renovasyon, Sis Fason pou Pwoteje Kay ou Kont Inondasyon:
    Li kouvri elevasyon kay ou pouke premye etaj la pi wo pase nivo inondasyon an (Elevasyon); kijan pou w rann pati ki pa abitab nan kay ou a rezistan kont domaj inondasyon (Pwoteksyon Kont Inondasyon ki Itilize Dlo); deplase kay ou pou w mete li nan yon zòn ki pi elve (Relokalizasyon); etanchman (pwoteje kont fwit) mi eksteryè yo
    (Pwoteksyon Enpèmeyab kont Inondasyon); konstriksyon baraj pou anpeche dlo inondasyon yo rantre nan
    kay ou (Dig ak Mi Pwoteksyon); epi detwi kay ou epi rekonstwi pwopriyete a sou menm teren an, oubyen achte yon kay yon lòt kote (Demolisyon).
  • Pwoteje Kay ou ak Pwopriyete ou Kont Domaj akoz Inondasyon: Bay enfòmasyon sou mezi
    pou w pran apre yon inondasyon, kijan pou w jwenn yon pèmi konstriksyon, kijan pou w chwazi yon kontraktè ak yon gid
    sou kijan pou w anpeche pwopriyete w la andomaje akoz inondasyon alavni.
    Feyè yon paj disponib tou nan evènman sant amelyorasyon kay yo, tankou:
  • Chwazi epi Travay avèk Kontraktè yo: Bay konsiy sou kijan pou w evite kontraktè ki pa serye pran w nan magouy. Kèk nan konsiy yo gen ladan yo:
    • Asire w ke w ap anboche yon kontraktè ki gen lisans.
    • Toujou verifye lisans yon kontraktè sou sitwèb www.myfloridalicense.com, rele Depatman Biznis ak Règleman Pwofesyonèl Florida (Florida Department of Business and Professional Regulation) nan (850) 487-1395 oubyen telechaje aplikasyon mobil DBPR la.
    • Egzije prèv responsablite ak asirans endemnite pou aksidan travay.
    • Rele DPBR oubyen biwo lapolis lokal ou a pou w fè rapò sou nenpòt magouy kontraktè ou sispèk.
  • Trajektwa Chajman yo: Ilistre konsèp trajektwa chajman yo epi li souliye koneksyon enpòtan
    nan presyon van nan yon trajektwa chajman.
  • Minimize Domaj nan Kay Prefabrike ki Inonde: Montre kisa pou w fè lè dlo rantre nan kay ou, oubyen lè dlo a anba kay ou.
  • Itilizasyon Konektè ak Sipò: Souliye yon teknik ki enpòtan nan konstriksyon ki ede “solidifye” yon estrikti pou li reziste gwo van yo.
  • Netwaye epi Seche Kay ou: Ba w etap pou w pran si kay ou oubyen sou-estrikti kay la anba dlo akoz inondasyon resan.
  • Ranfòse oubyen Ranplase Pòt Garaj yo: Aksantye sou enpòtans ki genyen nan ranfòse pòt garaj ou a. Sa pral ede pwoteje non sèlman garaj ou a men tout sa ki andedan li yo tou.
    Ou ka jwenn yon lis piblikasyon FEMA ki kouvri mitigasyon ak rekonstriksyon nan http://www.fema.gov/media-library/resources-documents/collections/6.

Fòmilè pou kòmande piblikasyon nan FEMA disponib nan http://www.fema.gov/media-library/assets/documents/15792.

Kontakte otorite jesyon ijans nan konte w la pou lòt konsiy yo genyen ki ka ede kay ou pi byen reziste evènman sa yo alavni. Ou ka jwenn enfòmasyon kontak pou otorite lokal ou yo sou entènèt 
nan: County Emergency Management | Florida Disaster


FEMA genyen plizyè piblikasyon tou ki disponib sou avantaj Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program) an. Ale nan https://www.fema.gov/national-flood-insurance-program pou w jwenn detay sou kijan pou w pwoteje kay ou kont tanpèt ak inondasyon alavni.  Ou ka jwenn plis detay nan https://www.floodsmart.gov/.

Tags:
Dènye Mizajou