Espesyalis FEMA yo pou ofri konsèy pou rekonstwi nan Stine Home & Yard nan Walker

Release Date Release Number
NR-046
Release Date:
Janvye 14, 2022

BATON ROUGE, La. – Espesyalis limitasyon dega FEMA yo pral la nan Stine Home & Yard nan Walker soti 18 rive 22 janvye.

Sivivan katastwòf yo ka vizite pou jwenn konsèy nan men espesyalis limitasyon dega FEMA sou fason pou rebati ak pwoteje kay yo kont domaj ki gen rapò ak katastwòf ki kapab rive tankou gwo van ak dlo. Epitou, y ap gen enfòmasyon sou chwa antreprenè, asirans kont inondasyon, reparasyon tèt kay ak lòt sijè. Ou pa bezwen pran randevou.

Espesyalis alèjman FEMA yo ap disponib 7:30 am jiska 6 pm, madi jiska samdi, 18 rive 22 janvye nan:

Stine Home & Yard / Walker

29200 S. Walker Road

Walker, LA 70785

Si w bezwen pale sou demann èd ou a, tanpri rele Liy Asistans la nan 800-621-3362 pou w pale ak yon espesyalis asistans endividyèl FEMA. Espesyalis sansibilizasyon pou rediksyon risk yo ofri konsèy jeneral pou rekonstriksyon epi yo p ap kapab pale sou detay espesifik sou ka endividyèl yo.

Si w pa ka vizite w an pèsòn, tanpri rele 833-FEMA-4-US oswa 833-336-2487 pou w pale ak yon espesyalis pou limitasyon dega.  Ou ka imèl yon espesyalis nan FEMA-LAMit@fema.dhs.gov. Vizite lyen entènèt Limitasyon Dega a pou w kapab jwenn enfòmasyon sou reparasyon, modènizasyon, ak rekonstriksyon nan https://fema.connectsolutions.com/lamit, https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit pou panyòl, oswa https://fema.connectsolutions.com/la-vie-mit pou vyetnamyen yo. 

Tags:
Dènye Mizajou